Non Melchie Dumornay parèt yon lòt fwa ankò pami kandida fanm pou Balondò 2026 la. Pou konnen kilès ant li menm ak 29 lòt jwèz yo k ap pran pri endividyèl sa ane a, responsab yo bay tout fanatik foutbòl randevou pou gwo seremoni 70yèm edisyon an 26 oktòb 2026 la nan vil Lond, an Angletè.
A 23 lane, jwèz Ayisyèn nan jwenn 2yèm nominasyon li youn aprè lòt, yon premye eksplwa pou yon jwè Ayisyen. Si pou premye patisipasyon li a an 2025, Dumornay te klase 18yèm nan klasman an, fwa sa anpil fanatik ap tann yon pi bon klasman pa rapò ak gwo estatistik li genyen pou sezon 2025-2026 la.
Yon sezon 2025-2026 ki te pote anpil rekonesans
Nominasyon sa a vini aprè Melchie Dumornay te fè yon gwo sezon kote li te jwenn plizyè pri. Se konsa, nan mwa me 2026 la, li te genyen twofe UNFP pou meyè jwèz Arkema Première Ligue la ak twofe LFFP a ki rekonpanse l kòm meyè jwèz premye Lig la. Li te parèt nan ekip-tip sezon an tou nan chanpyona Lafrans lan. Ak OL, li te chanpyon D1 Arkema a, Koup Lig la ak Koup Lafrans lan.
Pandantan sa, sou 36 match, mitan teren ayisyèn nan te rive fè 21 gòl epi bay 12 pas gòl. Yon evolisyon jounal L’Équipe te wè kòm yon gwo pwogrè sitou nan fason Corventina enpoze l kòm yon pyès enpòtan nan sistèm ekip OL la.
Pou Balondò 2026 la, chif Corventina yo pral batay ak chif plizyè lòt gwo non nan foutbòl entènasyonal la. Pami yo nou jwenn Espanyòl Alexia Putellas, Nòvejyèn Caroline Graham Hansen, Anglèz Alex Greenwood ak Alessia Russo, ak Alman Klara Bühl.
Prezans Dumornay nan lis sa, reprezante yon lòt fwa ankò kòman yon grenn jwè kapab fè drapo Ayisyen an flote pami pi gwo non yo nan foutbòl entènasyonal la.
Sòti Mirebalais pou rive Lyon, Corventina gen yon bèl pakou foutbòl
Melchie Dumornay fèt Mibalè, nan depatman Sant Ayiti. Li te rive nan OL nan lane 2023 aprè li te pase nan Stade de Reims. Depi lè sa a, li pran plis plas nan ekip Lyonnais a. E li vin youn nan jwèz ki enpòtan anpil nan gwoup la.
Nan mwa septanm 2025 lan, li te pwolonje kontra li ak ekip la pou jis 2030. Annatandan, non nouvo Balondò a revele, Corventina li menm kontinye ap travay pou kapab jwe pou sezon 2026-2027 la ki apèn kòmanse.
Fòk nou di pou Melchie Dumornay, 2yèm nominasyon sa vle di anpil. Se pou sa nan deklarasyon li fè madi 8 septanm 2026 la li fè konnen : « M kontan anpil pou m reprezante klèb la ak Ayiti atravè nominasyon sa a ».
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



