Lis 30 jwèz ki jwenn nominasyon yo pou Balondò fanm 2026 la revele jodi madi 8 septanm 2026 la. Plizyè gwo non nan foutbòl entènasyonal la ladan l. Nou jwenn Melchie Dumornay, Alexia Putellas, Ewa Pajor, Caroline Graham Hansen, Khadija Shaw, Alessia Russo ak Pernille Harder.
Lòt gwo kandida ki fè non yo se Polonèz Ewa Pajor ak Jamayikèn Khadija Shaw. Pou sezon pase a, Pajor te fè 34 gòl nan Barcelone. Pandan Khadija Shaw li menm te fè 36 gòl ak Manchester City.
Atravè lis sa a, Barcelone byen reprezante menm jan ak Manchester City ak Olympique Lyonnais. Klèb fransè a gen kat jwèz nan lis Balondò a ki se : Wendie Renard, Melchie Dumornay, Selma Bacha ak Caroline Weir. Alòske Barca genyen 7 jwèz : Alexia Putellas, Ewa Pajor, Caroline Graham Hansen, Esmee Brugts, Patri Guijarro, Mapi León ak Cata Coll.
N ap soulinye, jiskounye a Melchie Dumornay, se sèl Ayisyèn ki nominen nan listwa Balondò fanm nan. Paralèlman, Aitana Bonmatí ki te pran twofe sa nan lane 2025 lan, pa nan lis la ane. Se akoz yon bon tan li te fè blese sa ki te oblije l ap pran laswenyay pandan senk mwa san jwe.
Pou meyè gadyèn yo, nou jwenn Cata Coll, Ann-Katrin Berger, Hannah Hampton, Lorena ak Ayaka Yamashita. Kòm jèn jwèz genyen koyekipye Corventina a, Lily Yohannes, epi Veerle Buurman, Vicky López, Felicia Schröder ak Clara Serrajordi.
Men lis rès jwèz ki nonmine yo : Selma Bacha, Barbra Banda, Esmee Brugts, Klara Bühl, Mariona Caldentey, Scarlett Camberos, Kerstin Casparij, Temwa Chawinga, Alex Greenwood, Patri Guijarro, Pernille Harder, Yui Hasegawa, Rose Lavelle, Mapi León, Lorena, Melvine Malard, Manaka Matsukubo, Vivianne Miedema, Momoko Tanikawa, ak Tessa Wullaert.
Dorvens Louis
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


