Selon jounal lokal yo, otorite yo jwenn 2 timoun yo mouri nan fòs pèdi a se ta kèk tan aprè manman yo te sinyale disparisyon yo. Avan sa, yo fè konnen se nan batiman sa timoun yo ak manman yo te rete. Pou kounye a, ni idantite viktim yo ni pa manman an poko revele. Yo sèlman fè konprann yo se moun ki sòti Ayiti.
Otorite meksikèn yo jwenn 2 migran Ayisyen ki se 2 sè mouri anndan yon fòs pèdi nan yon sant asistans sosyal ki pote non « Cada Pato » ayè madi 24 fevriye 2026 la. Daprè enfòmasyon disponib yo se leta meksikèn k ap jere sant sa atravè Sistèm Nasyonal Devlopman entegral lafanmi (DIF). Selon gouvènman vil Oaxaca a, gen 3 gwo tèt nan sant sa ki nan men otorite polisyè yo pandan li soulinye ankèt la ap kontinye.
« jodi a nou regrèt sa ki pase nan Sant Cada Pato a. M voye kondoleyans mwen ak solidarite m pou manman ak fanmi an », se sa nou li nan yon kominike ki pote siyati gouvènè vil Oaxaca a, Salomón Jara Cruz. Se nan menm sans sa, li te pwofite anonse direktris jeneral DIF Oaxaca a, Maribel Salinas Velasco, kòdonatris jeneral la al direktris espas la pèdi djòb yo e nan men lapolis. Se menm jan an tou pou chèf depatman DIF la, daprè Primera Línea.

Selon jounal lokal yo, otorite yo jwenn 2 timoun yo mouri nan fòs pèdi a se ta kèk tan aprè manman yo te sinyale disparisyon yo. Avan sa, yo fè konnen se nan batiman sa timoun yo ak manman yo te rete. Pou kounye a, ni idantite viktim yo ni pa manman an poko revele. Yo sèlman fè konprann yo se moun ki sòti Ayiti.
Dram sa rive nan yon kontèks kote chèf biwo pwokirè pou pwoteksyon dwa timoun ak adolesan lokalite Oaxaca a, Yarib Hernández García, t ap klewonnen nan Yon videyo pwomosyon jou ki te lendi 23 fevriye a, pa gen okenn danje nan sant yo a. Yon deklarasyon ki mennen gwo kritik kont responsab la e lakoz divès travayè ta ap mande revokasyon li.
Se pou tèt sa pi devan li deklare : « Antanke enstitisyon nou pran responsabilite nou pou eksplike sa ki pase a, kolabore ak biwo pwokirè a epi diskite sou kondisyon enfraestrikti tout sant laswenyay leta yo ».
Pandan gen ankèt jidisyè k ap mennen, otorite yo fè konnen tou gen demach administratif k ap mennen tou. Se yon fason daprè yo k ap pèmèt yo pran mezi sanksyon kont tout konplis yo si ankèt yo revele sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



