Nan okazyon reyinyon Konsèy li a, ki pral fèt jedi 15 oktòb 2026 la, FIFA pral pwopoze yon plan finansman pou federasyon manm li yo, nan objektif pou ankouraje devlopman foutbòl yo a. Daprè enfòmasyon Associated Press (AP) rapòte, enstitisyon k ap dirije foutbòl mondyal la ta vle bay yon fon devlopman pou chak nan 211 federasyon manm FIFA yo, tankou Federasyon Ayisyèn Foutbòl la (FHF), 25 milyon dola vèt pou peryòd 2027-2030 la.
Pou fè sa, FIFA ta vle itilize yon pati nan rezèv finansyè li yo, sitou aprè siksè komèsyal Koupdimond 2026 la. Pwopozisyon sa a vini anviwon yon mwa aprè prezidan konfederasyon foutbòl Ewopeyen an (UEFA), Aleksander Ceferin, ak prezidan CONCACAF la, Victor Montagliani, te mande FIFA pou l bay chak federasyon omwens 10 milyon dola anplis sa yo te konn jwenn nan.
Plan an sa ta dwe jwenn apwobasyon jedi k ap 15 oktob 2026 la, an Swis nan vil Zurich. Se la prezidan FIFA a, Gianni Infantino, ansanm ak 36 lòt manm Konsèy la, pral reyini an prive apati 11 è nan maten, nan lè Lafrans lan. Konsèy sa a se ògàn egzekitif FIFA a, e se premye reyinyon li depi 28 avril pase a.
N ap raple, reyinyon sa pral fèt nan yon kontèks kriz ki gen nan mòd gouvènans Infantino nan tèt FIFA a. Se te sitou ak dezisyon li te pran pou l te vann envestisè prive 20% nan dwa komèsyal konpetisyon yo. Men aprè gwo presyon li te abandone projè sa.
Louis Dorvens
©️Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2026


