Plizyè dizèn etidyan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS) te pran lari ayè jedi 26 fevriye 2026 la pou te manifeste kont minis edikasyon an, Antoine Augustin ki te deside anile akò ant ENS la ak Ministè Edikasyon ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) a depi 16 fevriye pase a. Sa ki vle di minis lan koupe nominasyon tout pwofesyonèl levasyon ki sòti nan enstitisyon sa a pou ta al travay nan lise yo.
Menm jan yo te anonse l la, aprè konferans pou laprès yo te fè, depi 10è etidyan sa yo te foule beton an sòti kanapevè, pase Boudon, devan primati epi tonbe devan ministè edikasyon an Dèlma 83. Etidyan sa yo te ak divès pankat nan men yo. Youn ladan yo te fè konprann kanpe akò sa se touye Gregory Saint-Hilaire yon dezyèm fwa.
« Augustin !!! Sispann livre sistèm edikatif la bay abolotcho lagoch ou yo » se youn nan mesaj piman bouk yo te fè pase. Pandantan sa yo mande minis la tou pou l sispann nonmen militan politik nan lise yo paske yo kwè : « Devlopman peyi a paka fèt san nòmalyen yo ».

Malgre se te yon mach pasifik pou te mande minis lan pou retounen sou desizyon l te pran pou kanpe akò a, sa pa t anpeche lapolis te kraze manifestasyon sa ak gaz lakrimojèn devan ministè a.
Minis la kanpe pwotokòl akò a atravè yon nòt inilateral
Akò sa etidyan yo ap defann nan te siyen nan yon premye tan 29 me 2013 ant ansyen minis edikasyon an, Vanneur Pierre ak direktè akademik ENS la, Berard Cenatus. Nan yon dezyèm ta pral gen modifikasyon nan dat 3 fevriye 2020 puiske akò a te vin pi laj gras ak sinyati ansyen minis Pierre Josué Agénor Cadet ak ansyen rektè ILA a, Fritz Deshommes. Se te menm ane sa tou, 2 oktòb 2020, etidyan Gregory Saint-Hilaire te sibi zak ansasinay nan lakou ENS, alòske se te menm batay sa a li t ap mennen.

Se atravè li menm MENFP te pran angajman pou : Toujou akeyi etidyan Inivèsite Leta (ILA) yo pou estaj aprè etid la, akeyi nòmalyen yo nan divès enstitisyon yo pou sèvis sosyal yo, kolabore ak ILA a pou tout fòmasyon pou pèsonèl edikatif li a ak pèsonèl administratif li a, itilize ILA nan zafè rechèch, epi asosye yo ak li nan tout pwojè refòm yo, mande èd ILA a si yo bezwen pou evalye epi fè materyèl pedagojik ak edikatif epi bay ILA a sipò nan devlopman kapasite fòmasyon nan planifikasyon ak pilotaj pou edikasyon.
Nan atik 6 akò sa a, 2 sinyatè yo te fè konprann li te siyen pou 5 lane, e li ap tou renouvle nan ka pa ta gen « objeksyon ». Nan sans sa, yo te prevwa pou pati a te ekri dezakò li a 3 mwa avan dat ekspirasyon akò a.
Poutan, se atravè yon nòt ki te adrese ak travayè Ministè Edikasyon ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) jou ki te 16 fevriye 2026 la, minis la, Antoine Augustin ta pral deklare « akò sa paka sèvi ankò jan l te ye a ». Yon desizyon ki vini, daprè li, aprè ministè a te resevwa yon korespondans dwayen ENS la sou entegrasyon etidyan finisan yo nan lise yo jan akò ant MENFP ak ILA a te di l la.

Men pi devan, minis la ta pral eksplike akò sa paka kenbe ankò aprè analiz sitiyasyon aktyèl la paske li vle evite kreye « pòs san yo pa gen okenn fonksyon ni yon finansman ministè a ka asire ».
N ap raple, dwa etidyan sa yo pwoteje anba yon arete prezidansyèl Michel Joseph Martelly te pran nan lane 2014 ki pale sou refòm ak fonksyonman lekòl yo an Ayiti. Se konsa nan atik 10 la li te di : « Aprè yon lane estaj, tout diplome ENS, Lekòl Nòmal Enstititè (ENI), Sant Fòmasyon Inisyal Akselere (FIA), Sant Fòmasyon Lekòl Fondamantal (CFEF) ak enstitisyon ki espesyalize nan syans edikasyon ap gen priyorite lè ap gen rekritman pou anseyan yo ».
Kredi foto : Grégory Baudin
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



