Ayiti bat Repiblik dominikèn 4-1 nan yon bèl anbyans jodi jedi pemye oktòb 2026 la nan estad Olímpico Félix Sánchez la. Se te nan kad 3yèm jounen Ligdènasyon zòn CONCACAF la. Moun ki fè gòl yo se Grenadye Don Deedson Louicius, Wilson Isidor ak Yassin Fortuné. Epi, Ruben Providence sòti meyè jwè gras ak 2 pas gòl li fè epi bèl pèfòmans li nan djèl sa a. N ap fè konnen, viktwa sa pèmèt Ayiti pran 2yèm plas nan gwoup A a dèyè Kiraso.
Depi avan match la kòmanse anbyans lan te cho deyò estad la rive jis anndan an. Aprè yon ti tan match la te vin demare kote 2 ekip yo te chante im nasyonal yo youn aprè lòt.
Aprè sa boul la te santre, kote depi nan premye mitan an, Ayiti te enpoze l jis li te fè premye gòl la aprè Ruben Providence te sèvi Deedson Louicius. Yon ti tan aprè, Grenadye yo te benefisye yon pennalite. Men, Wilson Isidor pa t rive mete boul la nan kan an. Yon sitiyasyon ki te vin mete Dominiken yo an konfyans nan match la. Poutan, ekip Ayiti a te rete solid epi te antre nan vestyè a ak menm eskò 1-0 a.
Nan dezyèm mitan an, anbyans lan pa t chanje anndan estad la kote fanatik Ayisyen yo pa t sispann chofe ekip ble ak wouj la. Bò kote jwè yo, atakan Wilson Isidor te rachte l nan 51yèm minit yo ak yon premye reyalizasyon ki te 2yèm gòl match la sou yon bèl sant Jean Ricner Bellegarde aprè gadyen Dominiken an te bare chout Hannes Delcroix a. Isidor ki te nan bon pozisyon an te pwofite mete boul sa a nan kan advèsè a. 4 minit aprè, Dominiken yo te rive jwenn yon okazyon lò, e te mete boul la nan kan gadyen Ayisyen an tou, Alexandre Pierre.
Men, sitiyasyon an pa t rete konsa, puiske Isidor te fè twazyèm gòl la nan 67yèm minit yo. 10 minit aprè, Yassin Fortuné te foure tèt li nan boul la pou te bay dènye gòl la sou yon bèl pas Ruben Providence. Kidonk, avèk 2 pas gòl plis bèl pèfòmans li, Providence sòti meyè jwè djèl sa a. Fòk nou di tou, se yon pèfòmans kolektif ki te satisfè piblik Ayisyen an ki te deplase an foul pou te vin sipòte mesye David Badia yo nan lakou lakay Dominiken yo.
N ap raple, match sa te enpòtan pou Grenadye yo te genyen puiske ni Ayiti, ni Repiblik dominikèn, ni Kiraso te gen 6 pwen nan gwoup A a. N ap soulinye, nan match Kiraso a, yo bat kote Kiraso bat Trinidad ak Tobago 1-0. Sa ki fè, pou kounye a, Kiraso nan tèt klasman an, Ayiti 2yèm men yo toulède ak 9 pwen. Epi Repiblik dominikèn 3yèm ak 6 pwen.
Dènye randevou Ayiti pou faz sa, kase pou dimanch 4 oktòb k ap vini la kont Kostarika. Match sa ap jwe lakay yo nan estad Ricardo Saprissa Aymá a.



