Nan kad 4 yèm jounen Ligdènasyon zòn CONCACAF la, Grenadye a rive tonbe 2-0 devan ekip Kostarika a jodi dimanch 4 oktòb 2026 la. Gras ak viktwa sa, Ayiti te an difikilte pa rapò ak Repiblik dominikèn ki te pye pou pye dèyè l. Men, aprè 2-1 ekip sa fè kont Nikaragwa a, Ayiti tou jwenn kalifikasyon l pou ka final yo.
Nan premye peryòd la, Grenadye yo te nan gwo difikilte, kote Kostarisyen yo pa t neglije mete pye sou boul la. Se sa k fè, gras ak presyon yo te mete depi nan 6yèm minit yo Tikos yo te mete boul la nan kan gadyen Ayisyen an, Josué Duverger. Apèn 15 minit pase advèsè a te rive fè yon dezyèm gòl nan match la. Pandantan sa, Ayiti te fè rezistans pou rès tan premye mitan an.
Nan dezyèm mitan an, malgre divès chanjman David Badia te fè nan 11 li te kòmanse a, ekip Ayiti a pa t rive monte nan match la. Kidonk, Kostarika rive bat ekip la 2-0, epi pran twa pwen anplis.
Pou kounye a, Kiraso toujou premye nan gwoup A a ak 10 pwen puiske li te fè match nil ak Trinidad, Ayiti 2yèm ak 9 pwen puiske li pèdi jodi a. N ap raple, toulède ekip sa yo kalifye pou ka final.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



