Antrenè seleksyon nasyonal Ayiti a, David Badia, anonse estaf li a ap travay pou idantifye nouvo jwè pou ranfòse ekip la. Nan yon entèvyou li bay jounal espòtif Diario AS la ayè lendi 12 oktòb 2026 la, teknisyen an fè konnen ekip la deja ap suiv plizyè jwè ki gen potansyèl pou reprezante Ayiti.
Men, malgre li fè deklarasyon sa a, li pa bay okenn non jwè ni bay detay sou estrateji rekritman yo. Se pou sa li deklare : « Pou kounye a, mwen pa kapab revele non jwè yo ni estrateji n ap itilize yo. Objektif nou se kontinye suiv ak anpil atansyon tout jwè ki gen orijin ayisyèn e ki gen potansyèl pou reprezante seleksyon nasyonal la ».
Pi lwen, li presize menm si yo ap chache, men yo vle jwenn jwè ki gen detèminasyon ak volonte pou reprezante peyi a nan pi bon fason posib yo. Epi soulinye jwè sa yo dwe konprann epi respekte valè ekip nasyonal la ap chèche transmèt yo.
Deklarasyon sa yo montre travay pou dekouvri nouvo talan ap kontinye, pandan ekip teknik la ap chèche elaji opsyon li genyen pou ranfòse seleksyon ayisyen an.
Louis Dorvens
©️Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2026



