Lig Foutbòl Ayisyen an (LHF) anonse lansman dezyèm edisyon chanpyona premye divizyon Paryaj Lakay la pou 8 novanm 2026 la. Nan yon kominike yo pibliye 11 oktòb pase a, yo soulinye ane sa se 12 ekip sèlman ki respekte règleman yo.
Daprè sa yo fè konnen, 12 ekip yo chwazi yo satisfè egzijans Federasyon Ayisyèn Foutbòl la mete sou koze lisans yo dwe genyen. Kidonk, nan reyinyon ekstraòdinè Lig la te òganize a yo montre ekip sa yo non sèlman respekte règ yo, men tou yo estriktire tèt yo. Ekip sa yo k ap nan chanpyona a se : Violette Athletic Club (VAC), Football Interclub Association (FICA), Tempête FC, Racing Football Club (RFC), América des Cayes, FC Juventus, Don Bosco FC de Pétion-Ville, Racing Club Haïtien, Ouanaminthe FC, Association Sportive Capoise (ASC), Real Hope FA ak Cavaly AS.
N ap soulinye, nan lis sa gen 2 ekip ki pa ladan l yo se Baltimore SC ak Cosmopolites SC. Daprè responsab yo absans sa yo se paske ekip sa yo « pa t ranpli kondisyon yo pou jwenn lisans yo nan tan ki te bay pou sa ». Se sa k fè yo ankouraje klèb yo pou fè jefò pou yo byen gouvène tèt yo, yon fason pou devlopman Foutbòl Ayisyen an kapab kredib.
N ap raple, premye edisyon an se Violette AC, ki te ranpòte lamayòl la. Baltimore SC, te dezyèm puiske li te rive nan final seri retou a kont Violette AC. Yon lòt kote, n ap fè konnen, menm si lis ekip yo gentan pibliye, epi dat lansman an fikse pou 8 novanm, fòk nou di LHF poko bay kalandriye konplè yo.
Louis Dorvens ak Marie Mika Achille
©️Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2026



