Seleksyon U-14 Ayiti a byen antre nan CFU Challenge Series 2026 la. Pou premye match li kont Giyàn fransèz, li te bat yo 5-2 ayè lendi 17 dawout 2026 la. Pou dezyèm match li kont Trinidad ak Tobago ki jwe jodi madi 18 dawout la, li bat 4-1. Match sa yo jwe sou teren konplèks espòtif Cap Cana Sports City a.
Nan rankont yo fas Trinidad ak Tobago jodi madi a, Grenadye yo fè yon gwo demonstrasyon. Se konsa, gras ak Jerry Petit-Homme ki fè 2 gòl, Sheeckensley Delmas ak Ronelson Pelé Janvier Ayiti rive ranpòte laviktwa kont yon gòl pou Trinidadyen yo.

Nan match kont Giyan Fransèz la, Jerry Petit-Homme te louvri eskò a depi nan 10yèm minit yo. Menm li menm te vin pasè nan 26e minit yo lè li byen fè yon koufran pou Jodeley Sheeckensley Delmas. Ki li menm te voye balon an nan filè a. Sa ki fè, nan yon premye tan, Ayiti te mennen 2 zewo sou advèsè a.
Nan yon dezyèm tan, Railey Jean Marie te fè premye gòl Giyàn fransèz la sou pennalite. Men, Delmas pa t pran tan pou te fè dezyèm gòl li nan 41yèm minit yo. 3 minit aprè, Ayiti te jwenn li menm tou yon penalite, men Ronelson Pele Janvier te rate okazyon an.

Pi devan, Delmas te fè 2 lòt gòl ankò pandan Giyànè yo gras ak Railey Berg Jean Louis te rive fè yon dezyèm gòl. Sa ki fè match sa te fini 5-2 an favè Grenadye yo.
Gras ak viktwa sa yo, jèn Ayisyen yo fè 2 viktwa sou 2 match yo jwe nan konpetisyon sa a. Kounye a, yo rete match kont Pòtoriko a k ap jwe demen mèkredi 19 dawout 2026 la apati 1è30.
N ap fè konnen, CFU Challenge Series a se yon konpetisyon Inyon Foutbòl Karibeyen an òganize. Li rasanble seleksyon nasyonal foutbòl nan zòn Karayib la pou timoun ki gen pi piti pase 14 lane. Ane sa, li ap dewoule an Repiblik Dominikèn. Ayiti twouve li nan gwoup B a, nan kategori Elit yo.



