Kontrèman ak sa ki t ap sikile sou rezo sosyo yo, non entènasyonal Ayisyen an, Woodensky Pierre, pa parèt sou lis jwè antrenè Violette AC a, Rony Attimy, kenbe pou patisipe nan CONCACAF Caribbean Cup 2026 la. Nan lis sa ki pibliye nan lannuit mèkredi pou rive jedi 30 jiyè 2026 la nou kapab wè non yon jwè tankou Steeven Saba kòm milye teren.
Men moun ki nan lis la : pou gadyen yo se : Joseph Guivemy, Delile Stanley, ak Elien Gooly.
Pou defansè yo se : Pierre Duckens Sanchez, Ciceron Fernando, Anis Jerry, Clerge Bricemax Louis Kelly, Raymonette Wensley, Charleus Talson, Innocent Jean Gardy ak Pierre Brunel San Diego.
Pou mitan teren an nou jwenn : Louis Jean Clifford, Morisset Jean Simon, Vedrine Jean Fabrice Junior, Marcier Marc Clovens, Germeille Stevenson, Servius Gandy Jonathan ak Saba Steeven. Epi pou atakan yo genyen : Jean Roberto, Jeanty Maxime, Daison Norestant, Plaisimond Stay, Chery Michenaider, Saintilus Bolensky, Cima Molensky ak Dejean Elyvens.

Pou kounye a, pa gen okenn enfòmasyon pou konnen èske Mondyalis la toujou Kanada pou estaj li te ale a. Aktyèlman, tout jwè klèb Vieux Tigre la ki konvoke yo deja rive an Repiblik dominikèn pou kòmanse konpetisyon an. Premye randevou li a se pral kont Defence Force la, yon match ki ap jwe madi 4 dawout 2026 la nan estad PUCMM nan nan vil Santiago de los Caballeros.
Avan sa, Violette AC gen match zanmitay jodi jedi 30 jiyè 2026 la kont ekip Salcedo FC a. Rankont sa ap jwè a 4è nan aprèmidi nan estad Domingo Polonia a. Responsab yo envite tout fanatik yo vin sipòte ekip la e fè konnen yo ap kapab achte tikè yo devan estad la.
Dorvens Louis ak Marie Mika Achille
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026




