Akademi Jacot Football Passion pral reprezante koulè Ayiti nan Salou Cup la. Se yon tounwa entènasyonal pou jèn foutbolè ki gen mwens pase 14 lane ki pral fèt an Espay. Pou konpetisyon sa, yon delegasyon ki gen 18 jwè nan kategori U14 la te kite Pòtoprens jou ki te samdi 25 jiyè 2026 la pou te pran direksyon Baselòn.
Pandan 5 jou, jèn Grenadye yo pral gen opòtinite jwe kont plizyè ekip ki sòti nan diferan peyi. Pandantan sa, yo ap patisipe nan aktivite ki fèt pou ede yo devlope kapasite teknik ak fizik yo. Selon responsab yo, pwogram nan ap gen ladan l evalyasyon talan, sesyon preparasyon fizik, vizit nan akademi foutbòl ak yon dekouvèt nan Camp Nou an. Ki se estad klèb Baselòn nan, youn nan estad ki pi popilè nan mond lan.
Delegasyon an ap gen nan tèt li China Étienne, Team Manager a, ak Prezidan an, Jacques Hans Vilfort. Johnny Descolines ak Joseph Lochard ap nan estaf teknik la tou.
Dorvens Louis
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026




