Pwoblèm ant Inyon Asosiyasyon Foutbòl Ewopeyen an (UEFA) ak Federasyon Entènasyonal Asosiyasyon Foutbòl (FIFA) la vin plis konplike. Konsa, UEFA fè konnen li depoze yon plent jodi jedi 27 dawout 2026 la nan yon tribinal federal an Florid, kont Prezidan FIFA a, Gianni Infantino. Plent sa se pou jwenn temwanyaj ak dokiman toujou sou pwojè FIFA te gen pou te bay envestisè prive 20% nan dwa Koupdimond lan, yon pwojè ki te pote non FIFA Forward Enterprise.
Daprè le Monde, Nan yon dokiman 60 paj, UEFA fè konnen li vle sèvi ak enfòmasyon sa yo nan kad yon pwosesis penal yo vle mennen an Swis kont prezidan FIFA a, Gianni Infantino, ansanm ak lòt responsab ki konsène yo. FIFA Americas ak FW2026, se prensipal enstitisyon UEFA vize jwenn enfòmasyon nan men yo. Puiske yo se enstans ki gen lyen ak FIFA epi ki te òganize Koupdimond 2026 la.
« UEFA ap vize moun sa yo pou move jesyon menm jan atik 158 kòd pennal Lasuis la di l la. Konsa, tout lòt akizasyon ak chaj yo jwenn kont yo ap kapab jistifye sa yo repwoche yo a », se sa nou li nan yon atik Le Monde pibliye jodi jedi 27 dawout la.
N ap raple, dosye sa konsène pwojè FFE a. Yon pwojè Infantino te anonse 28 jiyè 2026 la avan FIFA te anonse li abandone l premye dawout 2026 la aprè gwo presyon li t ap sibi. Objektif pwojè a se te kreye yon nouvo konpayi ki t ap pèmèt envestisè prive yo pran patisipasyon nan dwa komèsyal Koupdimond lan ak lòt konpetisyon FIFA yo.
Thrive Eternal se sosyete ki te dwe pran tèt envestisè yo. Sosyete sa a gen nan tèt li Joshua Kushner, yon pwòch Prezidan Donald Trump. Li te gentan pare pou envesti 4,2 milya dola pou jwenn 20 % dwa atravè pwojè FFE a.
Pou sa ki konsène plent lan, UEFA montre objektif li se chèche konnen kijan pwojè a te prepare, kijan li te estriktire, kòman li te evalye epi apwouve. Li vle konnen tou ki dyalòg ki te genyen ant Gianni Infantino ak konseye komèsyal pwojè sa a, Greg Maffei, Joshua Kushner ak tout lòt patisipan yo.
Tout sa se paske, entans Ewopeyen an estime operasyon sa a si l te pase jan li te kapab lakoz gwo domaj sou repitasyon FIFA ansanm ak enterè 211 federasyon ki manm enstans lan.
N ap soulinye, divès reprezantan UEFA te tanmen yon reyinyon jodi jedi a menm avan tiraj Ligdèchanpyon an. Ladan l, Prezidan UEFA a, Aleksander Ceferin, te mandate pou jwe tout kat keseswa nan politik osnon jiridik. Selon yo menm, sa pèmèt yo retabli limit ak otorite prezidansyèl FIFA a. Yon fason pou yo rasire yo FIFA ap dirije tankou yon enstitisyon. Pa tankou yon senp endividi ki ap dirije l.
Anplis sa, n ap fè konnen UEFA deside sispann pou yon ti tan desizyon pou yo te blo konpetisyon FIFA yo.
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


