Tiraj faz Ligdèchanpyon 2026-2027 la fèt jedi 27 dawout 2026 la nan vil Monaco. Kidonk, 36 ekip k ap patisipe yo deja konnen 8 advèsè yo. Chak ekip sa yo ap jwe 8 match, 4 lakay epi 4 deyò.
PSG ki se Chanpyon an tit la, pral jwenn ak Barcelona, Manchester City kòm pi gwo afich yo. Li pral jwe tou kont Roma, Aston Villa, Galatasaray, Villarreal, Slovan Bratislava ak Como.
Real Madrid nan bò pa l, ap fè fas ak Inter Milan ak Arsenal. Lòt advèsè yo se PSV, Roma, RB Leipzig, Shakhtar Donetsk, LASK ak AEK Athens. Barcelone li menm ap jwe kont PSG ak Manchester City. Li ap jwe tou kont Aston Villa, Sporting CP, Feyenoord, Galatasaray, Como ak Slovan Bratislava. Tandiske Arsenal jwenn Bayern Munich, Borussia Dortmund, Real Betis, Lille, Napoli, Sabah ak Slavia Prague.
Aprè PSG ak Barcelone, Manchester City ap jwenn ak Sporting CP, Porto, Napoli, RB Leipzig, AEK Athens ak Lens.
Bayern Munich bò kote pa li, ap resevwa Arsenal epi l pral jwe ak Atlético Madrid ak Manchester United. Li gen tou Real Betis, Bodø/Glimt, Lille, Slavia Prague ak Viking pou l fè fas kare ak yo. Liverpool li menm ap kontre ak Atlético Madrid epi Inter Milan kòm gwo advèsè. Epi Porto, Club Brugge, Villarreal, Fenerbahçe, Lens ak LASK.
Anplis Real Madrid ak Liverpool, Inter Milan, ap jwe ak Club Brugge, Borussia Dortmund, Shakhtar Donetsk, Feyenoord, Stuttgart ak Slovan Bratislava. Atlético Madrid ap jwenn Bayern Munich, Liverpool. Manchester United, PSV, Fenerbahçe, Bodø/Glimt, Viking ak Stuttgart.
N ap soulinye, pou anpil obsèvatè, Manchester United tonbe nan yon poul difisil nan Ligdèchanpyon an. Puiske yo pral toke kòn yo ak Bayern Munich, Atlético Madrid, Roma, Sporting CP, RB Leipzig, Villarreal, Sabah ak Como.
N ap fè konnen, jiskounye a pi gwo afich tiraj la se PSG-Barça, PSG-Manchester City, Real Madrid-Arsenal, Bayern-Arsenal, Bayern-Manchester United, Liverpool-Atlético Madrid, Liverpool-Inter ak Manchester City-Barcelona.
N ap fè konnen, faz lig la ap kòmanse apati 8 septanm 2026 la. Kote 8 premye ekip yo ap kalifye dirèkteman pou 8yèm final la, pandan ekip ki fini sòti 9yèm rive 24yèm yo ap jwe baraj pou jwenn lòt plas yo.
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


