Twa polisye Inite Tatik Anti Gang (UTAG) ak yon sitwayen pèdi lavi yo ayè vandredi 29 me 2026 la nan operasyon fòs lòd yo ap mennen nan depatman Latibonit. Selon Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), aksyon sa rive nan zòn Kafou Wobè, sou wout Vèrèt la pandan yo ta pral batay kont bandi nan depatman an.
« Pandan afwontman yo, twa polisye djanm ak yon sivil malerezman pèdi lavi yo », se sa otorite polisyè yo anonse nan yon nòt yo pibliye jodi samdi 30 me 2026 la. Men, yo fè konnen, san yo pa bay chif, pandan afwontman sa ta gen anpil bandi ki mouri tou.
Menmsi yo pa bay kontèks lanmò polisye yo, divès enfòmasyon ta fè kwè se ta nan pyèj polisye yo te pran. Sa ki eksplike divès videyo kadav polisye yo ki ap sikile toupatou pandan gang yo ap bat bravo lakontantman. Pou kounye a, PNH la anonse kò ajan fòs lòd yo pa sou kontwòl li. Men li pwomèt ekip espesyalize yo ap rekipere yo san pèdi tan. Se nan sans sa a, PNH la rive kondane aksyon gang yo epi fè konprann objektif li se toujou pou kraze tout baz gang ki gen nan depatman Latibonit la.
N ap raple, entèvansyon lapolis nan zòn sa a vini nan yon moman kote gang yo pa sispann atake popilasyon an nan divès lokalite. Sa ki fè gen anpil viktim ak kay ki kraze osnon boule.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



