Jij Ana Reyes deside jodi lendi 2 fevriye 2026 la bloke desizyon pou administrasyon Trump lan te mete yon bout ak Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Ayisyen yo. Desizyon sa vini aprè plizyè jou kote kominote ayisyèn nan ki Etazini te sou gwo presyon puiske dènye dat gouvènman Trump lan te bay pou te voye 350 000 sitwayen Ayisyen an Ayiti se te mèkredi 3 fevriye sa a.
Selon Miami Herald ki site pawòl jij la, Ministè sekirite Enteryè Etazini an te vyole lalwa amerikèn nan lè yo te deside kanpe TPS Ayisyen yo. Se pou tèt sa, apati desizyon sa jij Reyes pran an, Ayisyen yo ap toujou benefisye TPS la. Sa ki vle di, yo pwoteje kont mannèv pou voye yo vini Ayiti a, e yo ap toujou gen pèmi valid pou yo kontinye travay.
« Defansè Ayisyen yo te eksplike dezisyon Noem te pran an se paske ni li menm, ni Prezidan an gen pwoblèm ak Ayisyen pou tèt ras yo, men pa pou nasyonalite yo vre », se sa jounal ameriken an rapòte. Dayè yo fè konnen, se premye fwa yon dosye ki gen pou wè ak rasis pase devan tribinal sou teritwa ameriken an.
Pi devan yo soulinye, administrasyon Trump lan ki deja anile TPS pou 12 peyi pami yo Venezwela ak Nikaragwa, ka toujou pran Lakou siprèm pou konteste. Men yo di tou, se menm yo menm ki te rekonèt gang yo toupatou an Ayiti malgre yo te deklare sitiyasyon aktyèl peyi a amelyore pou l akeyi resòtisan Ayisyen yo.
Pami moun ki t ap defann kominote ayisyèn nan fas ak gouvènman Trump lan nou jwenn : 9 moun ki t ap plede kòz la, divès Ayisyen ki gen TPS, Asosiyasyon Ayisyèn Clergé Évangélique ak Sendika sèvis EIU-32BJ.
©️ Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2026



