The English translation of this article is not available yet. Here is the original version.
Plizyè pati politik siyen yon Akò atravè yon dokiman pou voye bay kominote Karayib (Caricom) la ayè dimanch 7 avril 2024 la pou eksplike tranzisyon an pral pasifik ak òdone. Selon yo, li pral gen pou pran tèt peyi a e l ap gen pou chita sou 53 atik sa k ap pèmèt fonksyonman li.
Pati politik yo fè kwè, konsèy prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) pral gen pou veye, respekte epi egzekite konstitisyon an atravè tout atik li pral gen pou l aplike nan peryòd li yo ak divès lòt lwa.
Paralèlman konsèy prezidansyèl la pral gen pou l etabli estabilite nan enstitisyon yo epi kontinyite etatik yon fason oubyen yon lòt pou asire pwochèn gouvènman nan tèt peyi a atravè eleksyon demokratik.
«Konsèy prezidansyèl Tranzisyon an fè konnen manda li pral gen pou bout 7 fevriye 2026 la, pandanstan KTP pa pral gen pou li benefisye okenn pwolonjman aprè manda li fini nan tèt peyi a», se sou fraz sa a nòt sa a fini.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023




