The English translation of this article is not available yet. Here is the original version.
Nan yon nòt divès pati politik ki fè pati konsèy prezidansyèl la ak lòt ankò pibliye ayè dimanch 7 avril 2024 la, li prezante vizyon ak misyon konsèy sa a pral genyen pandan manda li an. Misyon li se pral rekonsilye leta ak nasyon an epi retounen nou nan lòd konstitisyonèl pandan l ap defann enterè Ayiti nan devan je mond lan.
Anplis, misyon tranzisyon an pral gen pou li chita sou 3 rezon prensipal tankou sekirite Nasyonal, refòm konstitisyonèl ak enstitisyonèl epi òganize eleksyon nan tèt peyi a.
Pou avanse KPT fè konnen : «Peryòd tranzisyon sa a pral gen pou li konsakre l nan rekanpe diyite nasyonal la, etabli lapè epi jwenn estabilite nan tèt peyi a pou n ka òganize eleksyon demokratik, lib epi kredib».
Boutofen, konsèy prezidansyèl Tranzisyon an anonse li pral gen pou l mete kanpe yon Gouvènans Ògan Tranzisyon (GOT) ki pral tabli kò l sou 3 enstans nan tèt peyi a kou konsèy prezidansyèl, yon gouvènman k ap gen pou dirije sou kontwòl yon premye minis gason oswa fanm epi yon ògan kontwòl aksyon gouvènman an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023




