Plis pase 30 moun pèdi lavi yo epi plizyè lòt sòti blese jodi samdi 11 avril 2026 la nan Sitadèl Laferyè ki chita kò li nan kominn Milot pandan te gen move tan. Selon Meri Okap la, aksyon sa pase akoz te gen anpil moun rasanble nan espas la, sa ki ta lakoz viktim yo ta mouri toufe.
« bilan pwovizwa a se 30 moun ki mouri, plizyè dizèn blese ki pou kounye a ap pran swen lopital, epi gen moun tou ki disparèt », se sa nou li nan nòt meri Okap la. Li soulinye tou dram sa rive se nan kad semèn fèt ki abitye òganize pou selebre egzistans Sitadèl Laferyè a.
Pi devan, responsab yo eksplike avan sa te gen gwo panik, sa ki te mennen ak moun k ap pouse moun. Yon sitiyasyon m, ki selon yo, te vin bay plizyè ka kote moun toufe, mele ak sa ki te pèdi konesans.
Nan divès videyo ki pa sispann pataje sou entènèt la, nou kapab wè efektivman, Sitadèl la te gen gwo rasanbleman jodi samdi a. Selon fotograf Marco Photo ki afime li te la tou, chif moun ki te la yo te plis pase 3 000 moun. Sa ki eksplike nan moman dram nan, nan plizyè lòt videyo, nou rive idantifye plizyè dizèn viktim nan espas la ak nan lopital Sakre Kè vil Milot a.
An konsekans, Laprimati, Ministè Touris, Ministè kominikasyon ak lakilti, lameri vil Milot ak Okap voye solidarite bay fanmi viktim yo. Konsa tou, yo anonse ekip yo sou plas pou pote èd. N ap fè remake, malgre reyaksyon divès enstitisyon sa yo, responsab Enstiti pou kenbe Patrimwan Nasyonal yo (ISPAN) poko bay pyès detay sou sa ki rive a.
Pou fini, lameri Okap konseye tout moun pou rete vijilan nan zafè òganize gwo rasanbleman sitou nan sit touristik yo.
N ap raple, jiskounye a poko gen pyès idantite viktim ki revele. Ni pa gen okenn detay sou kilès ki te nan tèt rasanbleman sa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



