Nan yon kominike yo pibliye ayè madi 18 fevriye 2026 la, biwo sherif Miami-Dade la fè konnen li arete pastè Elco Vallier, yon Ayisyen, pou agresyon seksyèl sou yon tifi 15 lane. Selon NBC, pastè a ta ap fè agresyon sou viktim nan depi lè k te gen 13 lane.
« Selon anketè yo viktim nan deklare pastè legliz li a te eseye manyen boud@ l, karese kuis li epi te eseye bo l plizyè fwa anndan legliz la », daprè sa nou li nan kominike otorite yo.
Anplis sa, yo soulinye manman viktim nan te sinyale li te li divès mesaj « ki pa gen plas yo » pastè a te voye bay pitit li a. Selon NBC ki site manda a, nan mesaj yo pastè a ta deklare lanmou li pou tifi a. Tandiske li menm li te konn voye foto pou li.
Sa ki ta pral pouse manman an poze pitit li a kesyon sou mesaj sa yo, e se la daprè jounal la tifi a ta pral fè konnen : « Bagay sa yo ap fèt depi lè l te gen 13 lane ».

Se nan sans sa, yo fè konnen gras ak biwo sherif West Palm Beach la epi Miami-Dade la yo te rive jwenn yon manda pou te arete akize a.
Daprè enfòmasyon disponib yo aksyon sa yo pase 9 fevriye 2026 la. Akize a pote non Elco Vallier, li genyen 50 lane, li se yon Ayisyen. L ap dirije legliz Théophile (Haitian Ministry Theophile Church In Christ Inc.), ki chita kò li nan 15201 NW 7e Avenue, Miami, Floride. Li akize kòm moun ki fè asèlman, agresyon epi ki gen move konpòtman anvè yon timoun.
Pou fini, responsab minisipal yo manda pou tout moun ki gen plis enfòmasyon kontakte yo. Yo konseye tou, pou tout paran pitit yo te gen kontak ak pastè a pou rele yo san pèdi tan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



