Robenson Joachim se non atis sa zèv mizikal li nan tèt kole ak Peterson Jaboin « M Paka Echwe », anvayi mond evanjelik la depi aprè piblikasyon l nan dat ki te 2 novanm 2025 pase a. Daprè salmis la, « M Paka Echwe », se yon chan ki pale sou konsyans ak lafwa kretyen yo ki raple yo menmsi lavi a difisil, Bondye pap janm echwe.
Li te kontinye pou di : « Mizik sa a envite chak moun rete fèm, pa lage, paske viktwa a ap vini nan non Jezi ». Menm jan li temwanye la, se konsa tou anpil kretyen ak lòt konsomatè mizik te dekri kòman yo resevwa pawòl mizik sa a. Se nan sans sa a moun sa te fè konprann : « Chak lè m dekouraje mizik sa monte moral mwen ».
« Chak moun gen yon jou
Jou pou etwal ou briye
Menmsi nyaj yo ta bare w
W ap travèse
Fanmi m te echwe sa pa vle di pou m echwe
Avan m te vin sou latè mwen s on beni », se pawòl sa yo otè a chante kote pi devan li pral di ak plis konviksyon : « Menm si mwen konnen fanmi m bay moun echwe, Menm m konnen avèk Yaweh m paka echwe ».
https://youtu.be/BjeCPh2J844?si=lkS8ArTsYYO1Oldi
Anviwon 2 mwa aprè piblikasyon M Paka Echwe, li kontinye ap fè chimen l atravè rezo sosyo yo. Sou YouTube, li fè plis pase yon milyon vizyonnman, tandiske videyo ofisyèl la ki pibliye nan mwa janvye 2026 la gentan gen 238k vizyonnman. Mete sou sa, sou TikTok, li gen plis pase 162,5k videyo tchalenj.
Robenson Joachim fèt Pòtoprens nan lane 1989. Li marye e se papa 4 timoun. Li kòmanse karyè mizikal li nan lane 2009. Pandan jenès li, li te mayestwo plizyè koral tankou Bethésda ak Yahvé Shamma. Se nan lane 2012 li ta pral sòti premye mizik li ki pote non « Plonje ». Depi 3 lane li se apòt nan legliz Assemblée Générale des Sentinelles pour la Liberté des Captifs.
Pou sa ki gen pou wè ak pwojè li yo pou ane 2026 la, li bay tout moun randevou nan komin Site Solèy pou 2yèm konsè li k ap fèt 5 avril k ap vini la. Pandantan sa, li anonse li ap tou pibliye EP li.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



