Anviwon 70 moun mouri, 30 lòt blese nan yon masak gang fè nan lokalite Jan Deni ak Ponsonde sòti nan lannuit samdi 28 pou louvri dimanch 29 avril 2026 la. Fas ak sitiyasyon sa, Collectif Défenseurs Plus ak Kolektif pou Sove Latibonit (KSL/L) mande pou otorite yo aji prese prese pou pwoteje popilasyon sivil la.
Anplis moun sa yo ki viktim nan, òganis la fè konnen nan yon nòt yo sòti jodi lendi 30 mas 2026 la gen anviwon 6 000 moun ki kouri kite kay yo pou bandi. Pandantan sa, gen plis pase 50 kay nèg ak zam yo met dife nan yo.
Yo kritike dèske fas ak vye zak sa a gouvènman an toujou rete ap gade. Selon yo menm, atitid sa sanble tèt koupe ak konplisite yo nan sitiyasyon sa a. Pi lwen, yo deklare : « Collectif Défenseur Plus ak Kolektif pou Sove Latibonit, egzije pou gen yon entèvansyon san pèdi tan pou pwoteje popilasyon sivil yo ».
Yo fini pou fè konprann Leta pa dwe bay enpinite kòm repons pandan divès kominote pa sispann kouri pou bandi ak zam.
Yon lòt bò, Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) li menm tou kondane atak sa. Konsa tou, li mande otorite yo pou : aktive Konsèy Siperyè Polis Nasyonal Ayiti a (CSPN), ranfòse dispozitif sekirite ki nan depatman Latibonit la, fè kou yo konnen pou met lapat sou bandi yo, epi garanti bon jan rezilta nan operasyon lapolis ak otorite jidisyè yo ap mennen yo. Se menm jan an tou, li mansyone pou otorite nasyonal ak entènasyonal yo pou ede moun ki deplase yo.
N ap raple, nan yon nòt Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) pibliye jodi lendi a, yo fè konnen yo reprann kontwòl Jan Deni ak Ponsonde depi ayè dimanch 29 mas la. Se nan menm sans sa yo anonse operasyon yo nan tèt kole ak Kenyan yo ki nan Fòs Pou Kwape Gang yo (FSG) ap kontinye nan lide, selon yo, pou mete men sou tout bandi, epi sekirize moun k ap viv nan lokalite sa yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



