Nan nouvo rapò li pibliye mèkredi 7 oktòb 2026 la, gwoup ekspè ONU an fè konnen palmantè Alfredo Antoine ak Nenel Cassy gen men yo tranpe nan ensekirite k ap vale teren nan peyi a. Daprè yo, ansyen depite Kenskòf la, Antoine, te li menm kòmanse bay ti jèn zam nan zòn nan apati 2016 e ta youn nan moun ki lakoz premye atak ki te fèt nan kominn nan nan lane 2025 pase a. Bò kote pa Cassy, yo revele li non sèlman bay zam, men li te touye yon diplomat Ayisyen nan lane 2021.
Nan sa ki gen pou wè ak kominn Kenskòf, ekspè yo deklare Alfredo Antoine te non sèlman bay jèn yo zam pou zafè politik li, men tou li ta responsab divès kidnaping ak byen moun li konn vòlè gras ak gang ki konn ede l. Nan sa ki gen pou wè ak atak yo, yo soulinye, Antoine se youn nan moun ki te planifye ak gang yo pou te atake kominn nan nan mwa janvye 2025 lan. Yon atak ki te lakoz plis pase 100 moun te pèdi lavi yo, san konte viktim kadejak yo ak blese yo. Mete sou sa, yo fè konnen li te konn toujou ap kominike ak plizyè gang, pami yo chèf gang Dydy, ki ap kontwole zòn nan epi Vitelhomme Innocent. Yo di tou li konn pale ak Magalie Habitant, yo prezante kòm pon ant moun nan leta yo ak gang yo.
« Li idantifye kòm youn nan moun k ap bay Viv Ansanm zam, bal ak lajan (atravè yon pon) », se sa nou li nan paj 14 rapò a ki trete zak yo akize ansyen depite a ta konn fè yo.
Nan bò pa ansyen Senatè depatman Nip la, Nenel Cassy, yo fè kwè se li menm ki kontwole gwoup kriminèl ki rele BLTS la nan zòn Chalon, Miragwàn. Yo di se li menm ki kreye Fantom 509 nan lane 2018. Nan lane 2021, gwoup ekspè a site non l kòm responsab ansasinay yon diplomat Ayisyen. Mete sou sa, yo fè kwè pandan yon tan Senatè a te vle mete peyi a tèt anba akoz li t ap planifye divès atak sou enfraestrikti ayewopòtyè nan Pòtoprens, Okay ak Okap, e te òganize divès reyinyon pou te atake zòn Kenskòf nan tèt kole ak manm Viv Ansanm yo.
Rapò a mansyone palmantè a te bay divès gang zam nan kominn Gresye nan lane 2018. Nan lane 2022, yo soulinye li te dirije yon atak gang Ti Makak ( yon gwoup lapolis te kraze nan Laboul) te fè lakay yon ansyen Senatè san mansyone non moun sa a. Anplis, yo jwenn li ta ede tou divès manm kowalisyon Viv Ansanm nan tankou G-Pèp, ak Kraze Baryè ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent.
Dènye zak yo soulinye li fè se abi fonksyon kote l te jwenn nominasyon 2 moun nan leta a pandan l te Senatè. Youn nan moun sa yo se ta Patrick Noramé ki te responsab nan Biwo Monetizasyon pwogram èd pou devlopman. Ekspè yo konkli pou fè konprann Noramé te detounen epi blanchi yon bon kantite lajan pandan l te tranfere yon bon pati nan kòb sa bay Cassy nan yon fason ki te ilegal.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



