Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF), anonse, nan yon nòt li pibliye ayè dimanch 9 dawout 2026, twa jou deteksyon nan Pòtoprens. Objektif deteksyon sa se pou kapab chwazi jèn jwè pou al reprezante Ayiti nan Koupdimond ak Festival FIFA U-15 2026 la. Konpetisyon sa pral fèt Azerbaydjan sòti 22 pou rive 31 oktòb 2026 la.
Deteksyon yo ap fèt sòti 14 pou rive 16 dawout la sou teren Institution Saint-Louis de Gonzague la, Dèlma 31. Li ap fèt apati 8è nan maten rive 2è nan aprèmidi. Daprè responsab yo se sèlman ti gason ki fèt nan lane 2011 ki ap kapab patisipe. Yo soulinye timoun sa yo dwe sòti nan klèb, akademi ak lekòl foutbòl ki gen lisans FHF.
Chak estrikti dwe gen pou pi plis 4 jwè. E responsab yo dwe voye non jwè yo ansanm ak yon kopi premye paj paspò chak jwè. Se Direksyon Teknik Nasyonal la k ap resevwa tout enfòmasyon sa yo mèkredi 12 dawout 2026 la anvan minui.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026




