Jwèz Ayisyèn nan Shwendesky Joseph tout moun konnen sou non « Kiki » anonse jodi vandredi 11 septanm 2026 la, ekip li a, Zénith Saint-Pétersbourg, ap louvri yon akademi foutbòl an Ayiti. Akademi sa se Zenit-Championika li lye ak ekip Zenit Saint-Petersburg, youn nan klèb enpòtan nan foutbòl Larisi a.
Daprè enfòmasyon jwèz la bay nan yon videyo ki pibliye sou kont ofisyèl li yo, li fè konnen nouvo estrikti sa a pral gen pou fòme jèn foutbolè yo. Nan lide pou ede yo devlope kapasite yo sou plan teknik, fizik ak kolektif. Konsa, akademi an ap chèche mete jèn yo nan yon anviwònman ki pi estriktire pou ede yo pwogrese nan foutbòl la.
Zenit-Championika ap akeyi tifi ak ti gason ki gen ant 5 ak 18 lane. Pwojè a ap kapab bay jèn ayisyen ki renmen foutbòl yo yon nouvo opòtinite pou resevwa fòmasyon nan yon kad ki baze sou metòd pwofesyonèl yo.
Pou moman an, okenn dat poko bay pou ouvèti ofisyèl akademi Zenit-Championika a an Ayiti. Se pou sa yo envite tout sila ki entèrese yo suiv paj lekòlfoutbolzenithchampionikaayipou plis enfòmasyon sou dat lansman an, kondisyon enskripsyon yo, ak antrennman yo.
Atravè pwojè sa a, Zenit-Championika kwè li kapab pote yon nouvo opsyon pou devlopman jèn foutbolè ayisyen yo, sitou pou timoun ki vle kòmanse oswa kontinye fòmasyon foutbòl yo nan peyi a.
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



