Twazyèm jounen chanpyona nasyonal premye divizyon an, te bay yon gwo espektak sou diferan teren atravè peyi a pandan wikenn nan. Violette AC wonfle Don Bosco 4-1, AS Capoise bat FICA 2-0 epi America FC retire lespwa Juventus FC ak yon ti eskò 1-0.
Malgre “Vye Tig yo” te oblije jwe ak yon gason an mwens aprè Stevenson Germeille te pran katon wouj depi nan premye mitan an, sa pa t anpeche yo domine rankont la e rive fè 4 gòl. Fòk nou di, Don Bosco te fini match la ak yon jwè an mwens tou paske Morilus Élysée te resevwa yon katon wouj tou nan 86yèm minit la. Moun ki te fè gòl pou Violette yo se : Jeanty Maxime, Morissette Jean Simon, Plaisimond Stay ak Clerge Kelly. Epi Joaking Auguste te fè sèl grenn gòl ekip anfas la.
Nan Nò peyi a, AS Capoise te fè yon gwo operasyon anvan l te domine gwo rival li, FICA ak yon viktwa 2-0 nan dèbi kapwa a. Nan menm rejyon sa a, afich ant Real Hope FA a ak Ouanaminthe FC te fini sou yon match nil 0-0.
Nan Sid peyi a, se America FC ki te genyen dèbi Okay la. Ekip la te pran twa pwen, aprè l fin bat Juventus FC 1-0.
Nan Latibonit, espesyalman nan vil Gonayiv, Tempête FC te fè match nil (0-0) sou teren Racing FC a. Pou fini, nan Pòtoprens, Racing Club Haïtien ak Cavaly FC te yo menm tou fè match nil 1-1.
Aprè twazyèm jounen ki te gen anpil animasyon ak emosyon ladan l lan, men klasman Chanpyona nasyonal premye divizyon an. Nan gwoup A a, AS Capoise nan tèt ak 4 pwen, Racing FC 2yèm, Real Hope FA 3yèm. Yon lòt bò, Ouanaminthe FC 4yèm ak 3 pwen, FICA, 5yèm epi Tempête FC, 6e ak 2 pwen.
Nan gwoup B a, America FC, premye ak 7 pwen, Violette AC, 2yèm ak 6 pwen, Juventus FC, 3yèm ak 3 pwen. N ap soulinye Cavaly AS 4yèm ak 2 pwen, Racing CH 5yèm ak 2 pwen epi Don Bosco PV, gen pye 1 pwen (-5).
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026





