Nan kad dosye lanmò Neïssa Tima a, jinekològ Mackenzie Dorlus ki akize kòm konplis fè konnen li te fè tout sa ki posib pou te mennen Neïssa ak kouzen l lan, Wensdel Dorlus, lopital. E sove lavi yo. Nan deklarasyon li fè sou Radyo Televizyon Karayib ayè vandredi 30 janvye 2026 la, li fè konprann se li ki te kondui machinn kouzen l lan sòti Mòn Bren pou te rive lopital Plurimedic la. Men, li fè kwè malgre tout tantativ viktim nan te rive pèdi lavi l kanmenm.
« Lopital pa pran mò, yo pran moun ki an vi », se sa medsen an deklare pandan l t ap eksplike Neïssa potko mouri lè l te rive sou sèn dram nan. Li presize li te menm gentan fè 2 seyans reyanimasyon sou viktim nan.
Pou sa ki gen pou wè ak deskripsyon paran Tima te bay ki te fè kwè yo te jwenn rad sou li chire, san kilòt epi ak tras san epi espèm, medsen an fè konprann li pa t gentan pou te fè konsta sa yo. Paske li deklare ka ki te prezante devan l lan se te « yon ijans », e sitou li pa t gen okenn materyèl ak li. Poutan, pi devan li revele li te jwenn toulède moun yo prèske toutouni.
Kontrèman ak fanmi viktim nan ki te deklare se Wensdel ki te kontakte manman l pou te vin ede l ak doktè a, pwofesyonèl lasante a revele se pa sa ditou. Nan entèvansyon l lan, li presize se pito manman an ki te rele l pou l t al chache kouzen an puiske yo pa t ka jwenn nouvèl li. Li di tou, depi menm jou a pasyan an nan koma sa ki ta vle di li pa t an kontak ak fanmi l depi dram nan pase a.
Nan lide pou reponn moun ki fè konnen se Neïssa Tima sèlman ki ta viktim nan dosye a, jinekològ Mackenzie Dorlus fè konnen okontrè se 2 viktim ki genyen nan istwa a. Paske li deklare kouzen li an, Wendel Dorlus, nan koma depi 4 jou. Anplis sa, li revele fanmi l pa gen lajan fanmi Tima pretann yo genyen an paske li eksplike papa prezime sispèk la ap travay nan yon otèl tandiske manman an se pwofesè nan lekòl Primaire Dominique Savio, ki chita kò l Petyonvil.
Selon temwanyaj jinekolèg Mackenzie Dorlus, medsen ki ap okipe ka kouzen l lan fè yo konnen dyagnostik yo pa klè pou li ditou. Se sa k fè, li di yo poko ka rive detèmine koz ki fè li an koma depi lendi 26 janvye 2026 la.

Nan sans sa a, medsen an mande pou otorite yo mennen ankèt yon fason « pou remonte nan pis yo », paske li di li pa ka fè ankèt. Pandantan sa, li soulinye Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te tande l jedi pase a. E deklare li toujou disponib pou avansman ankèt la.
N ap raple, dosye sa enplike Neïssa Tima ki gen 19 lane fanmi li jwenn li mouri nan machin Wensdel Dorlus depi lendi 26 janvye pase a. Paran Tima prezante Wensdel ak doktè Mackenzie Dorlus kòm gwo sispèk nan lanmò a, malgre jèn gason an nan koma depi jou dram nan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



