Sòti 22 pou rive 27 septanm 2026 la, Pòtoprens te resevwa premye Senpozyòm nasyonal Fanm Abit Ayiti yo aprè anviwon 10 lane. Aktivite a te rasanble 50 abit fanm ki te sòti nan 10 depatman peyi a. Senpozyòm sa te òganize gras ak Direction de l’arbitrage, Federasyon Foutbòl Ayisyèn nan (FHF) epi Commission nationale des arbitres (CONA).
Selon FHF, pandan 6 jou sa yo, patisipan yo te suiv yon pwogram ki baze sou estanda modèn abitraj FIFA yo. Anplis, yo fè konprann li te sitou fèt sou nouvo direktiv FIFA yo, preparasyon fizik ak teknik, analiz videyo, konpreyansyon taktik, ansanm ak aspè sikolojik ki gen rapò ak abitraj.
« Te gen sesyon teyori ak sesyon pratik ki te pèmèt abit yo ranfòse konesans yo, kondisyon fizik yo ak kapasite yo pou pran bon desizyon pandan match yo », daprè sa Federasyon an eksplike nan yon nòt yo pibliye jodi madi 29 septanm 2026 la.
Atravè inisyativ sa a, FHF, Direction de l’arbitrage ak CONA kontinye mete aksan sou fòmasyon, preparasyon ak byennèt fanm abit yo. Daprè yo se nan lide pou konstwi yon abitraj fanm ki pi solid, pwofesyonèl epi prepare pou lavni.
Dorvens Louis
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



