Nan kad 2yèm match yo nan Ligdènasyon zòn CONCACAF la, Ayiti bat Kostarika (2-0) ayè dimanch 28 septanm 2026 la. Rankont sa te jwe nan Sabina Park la, Jamayik. Aprè viktwa sa, Grenadye yo fè konnen yo deja pare pou yo jwe kont Repiblik dominikèn premye oktòb k ap vini la.
Ayiti te pran kontwòl match kont Kostarika a depi nan premye mitan an. Sa ki fè, Jean Ricner Bellegarde te mete boul la nan kan advèsè a nan 9yèm minit yo. Dezyèm gòl la ta pral vini kèk tan
avan abit la mete yon bout nan premye mitan an. Pou gòl sa Fafà Picault te choute, men li te kontre nan kò Kostarisyen Francisco Calvo epi te antre nan kan an.
Nan dezyèm mitan an, Grenadye yo te kenbe tèt ak Kostarisyen yo e te rive kenbe eskò a 2-0 malgre tout tantativ advèsè a te fè. Konsa, gadyen Ayisyen an, Alexandre Pierre, sòti ak yon bèl pèfòmans endividyèl kote li meyè jwè puiske li pa pran gòl, epi kenbe 7 boul.
Yon lòt kote, pandan menm jounen an plizyè ekip nan gwoup A a t ap jwe tou. Pami yo nou jwenn Repiblik dominikèn ki bat Trinidad ak Tobago (2-1), epi Kiraso ki genyen Nikaragwa (6-1). Aprè rezilta sa yo, Kiraso pran tèt klasman an, Ayiti 2yèm epi Repiblik dominikèn 3yèm pou 2yèm jounen an. Toulètwa ekip yo ak 6 pwen. Epi Trinidad, Kostarika ak Nikaragwa vini aprè.
Pou 3yèm jounen an, Grenadye yo pral jwe ak Dominiken yo lakay yo, nan Olímpico Felix Sanchez la. Pou match sa a, mitan teren Jean Ricner Bellegarde te deklare : « Nou rete fokis sou travay nou », pandan li rekonèt enpòtans match sa genyen pou popilasyon Ayisyèn an.
N ap soulinye, pou 2 lòt match yo, Federasyon Foutbòl Ayisyen (FHF) anonse Keeto Thermoncy kòm ranfò, epi fè konnen Miguel Joseph ap rejwenn yo tou Repiblik dominikèn. Daprè sa yo fè konnen, ekip la ta dwe ateri Sendomeng jodi madi 29 septanm 2026 la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



