Jwè anglè a, Harry Kane resevwa dezyèm Soulye dò Ewopeyen li jodi mèkredi 19 dawout 2026 la nan Musée du Club. Li resevwa twofe sa nan men European Sports Media pou sezon 2025-2026 la kote atakan Bayern Munich la te fini kòm pi bon bitè an Ewòp gras ak kantite gòl li te fè nan diferan konpetisyon yo.
Nan Bundesliga a, Kane te fè 36 gòl, sa ki te fè li gen 73 pwen nan klasman soulye dò a devan Erling Haaland ki te gen sèlman 54 pwen. Nan Ligdèchanpyon an li gen 14 gòl, 11 gòl nan Koup Almay la ak sipèkoup Almay la. Avèk seleksyon Angletè a, li make 6 gòl nan Koupdimond 2026 la. Tandiske li te fè 5 gòl nan eliminatwa koupdimond lan ak yon 1 gol nan match amikal. Sa ki ba li li yon total 73 gòl pandan sezon an ak klèb li ak seleksyon li.
Aprè li te resevwa dezyèm pri sa a, li pa t bliye travay kolektif la nan mitan ekip Bayern Munich la. Se pou sa, Harry Kane deklare: « Mwen panse dezyèm sa a gen yon gou ki pi bon toujou pase premye a. Avèk sa nou reyalize ansanm ak ekip la, kote nou genyen twa trofe, Bundesliga a, Koup la ak Sipèkoup la, sa fè yon bagay espesyal pou ekip la ».
N ap soulinye, nan klasman Soulye dò Ewopeyen an, aprè Kane nou jwenn Erling Haaland an 2yèm pozisyon ak 27 gòl, epi Kylian Mbappé twazyèm ak 25 gòl.
N ap raple, premye Soulye dò li te genyen an se te pou sezon 2023-2024 la. Nan moman sa li te fè 36 gòl tou
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



