Daprè The Times, Gianni Infantino vini ak yon pwojè ki ta pèmèt FIFA bay kèk envestisè prive 20 % nan dwa komèsyal Koupdimond lan. Yon pwojè anpil moun ak Federasyon Foutbòl kondane puiske yo fè konprann yo pa konn kisa l ap pote ki bon pou foutbòl la.
« Pwojè sa la pou ogmante lajan Foutbòl la konn fè nou rantre. Se yon opòtinite men pa yon obligasyon », se sa prezidan FIFA a, Gianni Infantino, deklare ayè mèkredi 29 jiyè a pou defann pwojè li a ki ap resevwa anpil kritik nan moman an. Menm si li fè konprann se nan peryòd konsiltasyon yo ye, Federasyon tankou Anglèz la (FA), Fransèz la (FFF), Almand lan (DFB), Inyon Asosiyasyon Foutbòl Ewopeyen (UEFA), Asosiyasyon Klèb Foutbòl Ewopeyèn yo (EFC), Konfederasyon Asyatik (AFC) ak CONCACAF montre gwo enkyetid yo genyen.
Reyaksyon plizyè Federasyon manm FIFA
Responsab FFF yo di pou yon pwojè enpòtan konsa pase fòk yo menm yo gen bon jan enfòmasyon, pou yo dakò epi pou Federasyon manm yo ak tout lòt pati sa konsène yo pran desizyon ansanm. Pou sa ki gade dirijan UEFA yo, yo montre yo pa dakò ditou ak pwojè sa. Se pou sa, yo fè konprann nan yon kominike :« FIFA dwe sispann itilize espò nou an pou li anrichi tèt li ak zanmi l yo ». Pi lwen, yo soulinye yo kapab devlope foutbòl la nan fason ki pi bon an. Epi voye yon mesaj klè bay patron FIFA a paske yo kwè li lè li tan pou li bay asosiyasyon yo, chanpyona yo, klèb yo, jwè yo ak sipòtè yo gwo priyorite a.
Bò kote CONCACAF ak anpil lòt asosiyasyon, yo fè konnen se atravè laprès yo aprann nouvèl sa. Alòske, yo defann se yon enfòmasyon ki te dwe diskite ant manm yo avan li te pibliye. Finalman yo fè konprann yo menm tout desizyon yo ap gen pou yo pran yo ap baze sou bon jan prensip ak gouvènans.
Kisa pwojè Infantino a ye tout bon ?
Nan yon kominike yo te pibliye 28 jiyè pase a, FIFA anonse li vle kreye yon nouvo enstans, FIFA Forward Enterprise (FFE). Enstans sa ap la pou jere konpetisyon gason ak fanm yo epi jèn yo. Chanjman yo menm ap fèt nan nivo lajan, yon fason pou yo kapab fè plis kòb nan dwa difizyon ak esponnsoring FIFA a pou tout konpetisyon ki konsène moun nou sot site la yo. Li gen rapò tou ak konpetisyon tankou Koupdimond lan ak Koupdimond Klèb yo. Nan kad menm pwojè sa a, FIFA pwomèt ap gen yon nouvo pwogram devlopman ki ap mete sou pye, Programme FIFA Fast Forward (FFFP).
Pwogram sa li menm li ap gen pou ogmante lajan finansman asosiyasyon yo ki te 8 milyon dola pou vin 20 milyon dola vèt pito pandan peryòd 2027-2030 lan (e li ap ogmante plis toujou pou rès peryòd yo.) Daprè li, lajan sa ap sèvi pou enfraestrikti, fòmasyon antrenè, ekip nasyonal yo, konpetisyon yo, Foutbòl amatè yo epi Foutbòl fanm yo.
Li soulinye tou lajan sa se ap pou asosiyasyon ki vle yo paske li pa obligatwa. Kidonk, 211 federasyon ki manm FIFA yo ap gen pou reflechi pou konn si yo ap dakò ak pwojè sa epi antre nan lojik finansman an. Selon RMC Sport, tout Federasyon sa yo gen jiska 19 septanm 2026 la pou aksepte plan Infantino a. Si sa rive pwojè a jwenn 50 % vòt, li ap pase devan Konsèy FIFA a e li ap adopte san pèdi tan. Mete sou sa, FIFA ta sere 40 milyon dola vèt pou tout federasyon ki ede pwojè a pase.
Fòk nou di, pou jwenn lajan sa a, FIFA fè konnen l ap vann yon pati nan dwa nou te di pi wo yo bay divès envestisè yo. Men, li fè konprann tout bagay ap sou kontwòl li. Keseswa chwa envestisè sa yo, gouvènans foutbòl la, konpetisyon yo, kalandriye entènasyonal match yo ak tout règleman yo.
Konsa, Thrive Eternal se sosyete ki ta dwe pran tèt envestisè yo. Pandantan sa, JP Morgan ap sèvi kòm konseye finansye epi OpenEconomics ap jere kontak ak lòt envestisè pou yon tan ki pi long. N ap fè konnen, daprè RMC Sport, Thrive Eternal se pou Joshua Kushner ki se ti frè Jared Kushner ki li menm se bofis epi ansyen wo konseye Donald Trump nan Mezon Blanch.
Dorvens Louis ak Marie Mika Achille
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026




