Aprè gwo divizyon ki te gen nan mond foutbòl la, Prezidan FIFA a, Gianni Infantino, anonse li abandone pwojè pou te vann 20% nan dwa komèsyal koupdimond lan bay envestisè prive yo. Desizyon sa vini aprè gwo kritik li t ap plede jwenn bò kote gwo asosiyasyon tankou UEFA ak CONCACAF.
« Aprè nou fin koute avèk anpil atansyon tout opinyon yo, nou rive konprann pwojè sa a mete divizyon… Sa ki pa ditou nan enterè objektif nou te genyen an », se sa Prezidan pi gwo enstans Foutbòl la deklare nan yon nòt ki pibliye nan lannuit vandredi 31 jiyè 2026 la. Pi lwen, li fè konnen, objektif yo genyen se ini moun epi fè foutbòl la avanse. Se poutèt sa, li di yo pap avanse ak « pwopozisyon sa ».
Pwojè a te vize kreye yon nouvo konpayi, FIFA Forward Enterprise ki t ap la pou jere aktivite komèsyal ak evènman FIFA yo avèk patisipasyon envestisè prive yo t ap gen pou chwazi yo. Objektif pwojè a tou se te ranmase anviwon 10 milya dola pou finanse devlopman foutbòl la pandan kat ane kap vini yo. Finalman, aprè gwo presyon kote UEFA ki te menase pou pa t patisipe nan pwochen konpetisyon FIFA yo, epi CONCACAF li menm ak Konfederasyon Azyatik la te voye jete byen lwen pwojè sa, Infantino pran men li epi chwazi retire pwojè a pou evite plis pwoblèm.
Gianni Infantino gen pwojè pou vann 20% nan dwa komèsyal Koupdimond lan
Poutan, malgre li fè bak ak pwopozisyon sa a toujou gen gwo pale anpil puiske kounye a UEFA mande demisyon Infantino nan tèt federasyon an avan manda l fini nan mwa mas 2027 la.
Nan sans sa, daprè Le Monde, se Victor Montagliani, nimewo 1 CONCACAF la ki ta nan lis pou ranplase li aprè nouvo eleksyon yo. Yon lòt kote, direktè Enstiti Relasyon Entènasyonal ak Estrateji yo (IRIS), Pascal Boniface estime sou France 24 gen 2 posiblite pou frennen Gianni.
Premye a se dèske UEFA kapab fòse Infantino demisyone gras ak yon vòt defyans. Dezyèm nan, se nan ka kote yo ta jwenn yon kandida ki pou fè fas kare ak li aprè gwo erè li yo ki vin fè li pa kredib. N ap soulinye pou kounye a, se sèlman Gianni Infantino ki kandida, sa ki vle di li poko genyen anfas.
Dorvens Louis
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



