Wilner Polanco Sanz se non doktè sa ki akize kòm moun ki ta fè kadejak sou plizyè fanm pami yo yon Ayisyèn 20 lane ki t al fè yon ekografi nan klinik li. An konsekans, selon Listín Diario, ministè sante piblik dominiken an anonse yo fèmen pou yon ti tan sant sante li genyen nan lokalite Las Guáranas, nan zòn Duarte.
« Aprè zak la, jèn fanm nan te deklare doktè a te menase l pou te rele imigrasyon pou li si l ta pale sa k te pase a », daprè sa nou li nan yon atik jounal dominiken an pibliye ayè madi 18 fevriye 2026 la.
Pi lwen, yo fè konnen pandan sitwayèn Ayisyen an t al denonse doktè Polanco, li menm li te defann tèt li pou fè konprann se ta yon manti. Puiske li di : « li sanble ak yon kretyèn li te wont sa ki fè k te bare figi l pandan m t ap antre aparèy la nan pati l ».
Yon deklarasyon ki pa menm ak pa viktim nan ki te ajoute pou fè konnen anplis aparèy la ak rezilta li te tou ba li, men medsen an ta pwofite moman an pou te fè kadejak sou li.
Selon pwokirè inite k ap jere vyolans sou jan ak krim seksyèl yo, Sandra Sierra Difó, menm doktè Wilner Polanco Sanz lan te gen 3 plent kadejak sou do li deja. Li te menm jwenn arestasyon l aprè entitisyon sa te fin tande l.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



