Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) bay tèt peyi a jodi samdi 7 fevriye 2026 la, 2 lane aprè yo te enstale nan lakou Palè Nasyonal. Pou kounye a, se premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé ki pral jere tranzisyon an. Nan diskou li, prezidan KPT a, Laurent Saint-Cyr fè konnen yo pa t jwenn mwayen ki te pwomèt pou te konbat ensekirite a. Se sa ki fè, li selon li menm, ensekirite a pa fin kaba nan peyi a.
Laurent Saint-Cyr nan lapawòl li te pran, rekonèt « KPT a pa rive reyalize tout misyon li ». Men li fè konnen malgre sa yo te rive anpeche peyi a tonbe nan kriz. Puiske li di « Leta pa kraze, enstitisyon yo kontinye fonksyone, gouvènman an rete an plas, sekirite a amelyore ».
Pi devan, li fè kwè anplis pwoblèm resous yo te genyen men tou, yo te jwenn anpil presyon. Malgre sa, nan bilan li, li mansyone yo te fè chanjman nan tèt lapolis la, mobilize plis lajan pou te ranfòse kapasite fòs lòd yo, plede nan entènasyonal la pou transfòmasyon fòs miltinasyonal la an Fòs Represyon Gang ak Pwogram P4000 lan. Li di tou pandan tan yo a, yo rive reprann kontwòl divès zòn tankou anba lavil.
Pou sa ki gen pou wè ak òganizasyon eleksyon ki te youn nan misyon enpòtan Konsèy la, Saint-Cyr fè konprann malgre tout presyon yo te fè fas yo fè gwo avanse. Se pou tèt sa, li konseye PM defakto a pou kontinye demach sa yo menm jan an tou.
« M ap kite fonksyon an ak konsyans trankil, ak konviksyon m te fè pi bon chwa ki te pi bon nan moman an pou peyi a », selon deklarasyon reprezantan sektè prive a ki prezante tèt li kòm yon nasyonalis.
Yon lòt kote li te adrese l ak Premye minis defakto a konsa ki daprè li dwe kontinye ak dyalòg yo : « Ou pa gen dwa pou w echwe ».
Nan seremoni ki te fèt nan Vila Akèy la jodi samdi a, Premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé te remèsye KPT a espesyalman kòdonatè a, Laurent Saint-Cyr. Kote li te tou pwofite anonse premye konsèy minis li antanke sèl chèf pou jodi samdi 7 fevriye a, epi anonse li l ap gen pou adrese l ak pèp Ayisyen an tou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



