7 fevriye 1986 – 7 fevriye 2026, sa gentan fè 40 lane depi pèp ayisyen an te rele chalbare dèyè rejim kraze zo Duvalier a pou nou te eseye yon lòt sistèm politik ki rele « Demokrasi ». Ladan l se pèp la k ap deside kiyès l ap bay pouvwa a. Depi lè sa a, Ayiti konnen plis pase yon 15zèn chèf leta k ap taye banda sou pouvwa a san yo pa janm regle anyen pou amelyore kondisyon lavi pèp la vre.
Tousuit aprè gwo leve kanpe ki te fòse « Bebi Doc » lage pye l epi pati nan egzil, nou te antann nou pou nou bay peyi a yon konstitisyon epi di aklè n ap vanse men makout pa ladan l. Aprè tout kalamite rejim Duvalier a te fin fè nou pase, nou te chwazi chemen vanjans lan olye nou te rasanble. Men la ankò pèp la pa t fotif paske se klas politik la ak lidè yo ki te dwe fè depasman an epi pou nou te rekòmanse a zewo. Okontrè anpil nan yo se « Pè Lebren » yo t ap preche, yon move pratik ki pouse pèp souvren an mete gaz epi kawotchou pou met dife sou makout yo.
Se vre te gen anpil zak ansasinay sou rejim Duvalier a, kote ni « Papa Doc » ni « Bebi Doc » te sèvi ak laterè pou brize volonte pèp la, pandan yo t ap gagote lajan peyi a. Men malerezman, fòk nou di tou mesyedam makout yo te fè anpil gwo reyalizasyon e 40 lane aprè okenn lòt gouvènman pa janm ka depase yo. Nou ka pran yon grenn egzanp tankou wout Bisantnè nan kapital la ki te toujou ap bay sèvis jiskaske bandi vin rann li enpratikab. Se rejim Duvalier a ki te agrandi Ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti a, epi kreye anpil endistri nan peyi a. Pwojè baraj pelig la k ap bay peyi a kouran jiskounye a, se sou Papa Doc li te fini.
Prezidan ki t ap asire tranzisyon aprè 1986 yo pa t regle anyen serye pase sa. N ap pale de Henri Namphy (pwovizwa, 1986-1988) ak Leslie Manigat (1988) li menm ki te sèlman pase kèk mwa sou pouvwa a. Nan kontèks sa, se militè yo ki t ap vin bale wouze, epi kominote entènasyonal la t ap limen dife ankachèt, paske 2 chèf leta sa yo pa te ka ateri.
Nan lane 1990, peyi a ta pral òganize premye eleksyon lib li nan rejim demokrasi a, kote se pèp la ki te gen pouvwa chwazi moun li vle a. Nan kanpay sa a te gen yon kandida ki te rele Marc Louis Bazin, yon gwo ekonomis ki te fòme nan peyi Lafrans epi ki te gen anpil eksperyans nan gwo enstitisyon nan peyi etranje. Bazin te minis finans sou « Bebi Doc », li te konnen bwat leta a byen epi peyi Lèzetazini te kanpe dèyè l rèd kou ke makak. Men, Bazin pa te janm ateri sou pèp la vre, se monpè ki te rele Aristid la ki t ap di moun yo sa yo vle tande a : « Kawotchou nou nan men nou, pa neglije ba l sa li merite ». Yon diskou vyolans ki te pwovoke anpil dega nan epòk sa.
Rezilta, Aristid genyen eleksyon an avèk 67% vòt, Bazin vini nan 2yèm pozisyon ak 14%. Anpil moun toujou estime se depi la peyi a rate chans li pou li te bay yon moun diferan gen eksperyans pouvwa pou dirije li. Anpil lòt moun estime tou si Bazin te pran pouvwa a li t ap gen pi bon relasyon ak lame a epi entènasyonal la. Nou menm nou di, konsa tou li te ka fè pi mal pase Aristide, paske depi mesyedam sa yo fin pran pouvwa a yo chanje koulè tankou agranman. Konsa tou, peyi a te ka pran yon lòt direksyon tou, paske Bazin te fòme pou sa, li te gen tout bagaj entèlektyèl yo pou li te fè bon jan refòm nan peyi a.
Aprè koudeta kont Aristide la nan lane 1991, sitiyasyon an te vin gaye nan men nou. Anpil gwo zotobre nan gouvènman an te fè pati CIA pou te sèvi toutè pou peyi Lèzetazini. Yo gagote kès leta a, yo touye plizyè milye moun epi dirije peyi a anba gwo laterè. Jiskaske ameriken tounen ak Aristid an 1994 epi tou kraze lame a. Se la tou nou fè gwo erè kòm pèp, nou te dwe egzije rèfòm, jije moun ki te fè move zak yo. Nou pa t dwe janm kite blan je vèt kraze lame a paske yon peyi paka fèt san fòs defans sa.
Se feblès sa rejim Lavalas la pwofite pou yo te kòmanse bay zam nan geto yo, yon fason pou Aristid ak zanmitay li yo te ka kenbe pouvwa a san yo pa pran lòt koudeta. Se la fenomèn chimè a te kòmanse ki pral vin ateri ak koze gang sa toupatou nan peyi a. Sa pa t anpeche Aristid pran yon 2yèm koudeta an 2004 paske pandantan sa, li te vin pèdi kontwòl peyi a ak dosye sivil ak zam li t ap sipòte li yo. Menm blan ki te mennen li tounen an 1994 yo, se menm yo menm ki te tounen vin chache li an 2004.
Nou te ka di si pèp la te chwazi Bazin sou Aristid nan eleksyon 90 yo, petèt nou pa t ap konnen sitiyasyon gang sa nan peyi a. Se nan menm logik la lè Préval te genyen eleksyon 1995 yo ak 67%, tandiske Manigat ak Bazin te fè 7%. Sèl Victor Benoît ki te fè pwa ak 17%. Nan menm lojik sa, Préval genyen yon 2zyèm eleksyon sou Manigat an 2006, epi Martelly bat madanm Manigat nan vòt 2011 yo.
Kounye a si n ap analize byen, n ap remake gen yon bagay ki pa mache nan sistèm politik sa ki rele Demokrasi a. Oubyen nou ka di sistèm sa pa byen adapte ak reyalite nou an paske se moun ki konn fòme ak moun ki gen bon konprann ki ka kiltive demokrasi. Nou ka oze di nou lage twòp pouvwa nan men yon pèp ki pa t janm jwenn bon jan ledikasyon. Paske nan demokrasi a gen dwa epi gen devwa tou, fòk tout enstitisyon yo ap mache pou gen demokrasi vre; pa bò isit se demagoji k ap fèt.
Kòman w vle pou yon moun ki nan grangou pa al vote pou 1000 goud ? Kòman w ta vle pou nèg ak zam pa kontwole vòt yo nan geto yo ? Kòman w ta vle pou zèfèyis pa toujou ranpòte lamayòt nan eleksyon yo pandan pa gen okenn enstans k ap kontwole sous lajan kandida yo ? Nou paka lage gwosè pouvwa sa nan men yon pèp ki pa edike epi k ap manje kèk fwa nan semèn nan. Fòk nou jere dosye edikasyon an avan epi tabli jistis sosyal la epi lapè nan vant… Se sa ki veritab fay nan sistèm demokrasi a an Ayiti. Menm aprè 40 lane nou poko pare pou sa, olye nou avanse se bak n ap fè.
Aprè 40 lane, nou pa menm ka fè premye demach nan sistèm demokrasi a ki se mete yon Konsèy Elektoral Pèmanan sou pye. Chak eleksyon n ap òganize se tate n ap tate. Chwa manm konsèy elektoral yo toujou konteste, men nou toujou avanse ak tout pwoblèm yo. 40 lane aprè nou te fin chwazi vwa demokrasi a, nou pase sèlman 4 prezidan ki eli : Aristide (1990 epi 2000), Preval (1995 epi 2006) Martelly (2011) ak Jovenel (2016). Aprè sa tout rès chèf leta yo se tranzisyon.
7 fevriye 2026, manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an fini san yo pa menm reyisi pran kontwòl yon zòn bandi yo kontwole yo, ni debouche yon wout nasyonal. Avan yo ale, yo revoke premye minis defakto Didier paske yo gen pouvwa sa, men kominote entènasyonal la pa asepte. Kidonk, nou pral plonje nan yon 4yèm tranzisyon aprè lanmò Jovenel an 2021. Nou te pran premye a ak Claude Joseph, 2yèm nan ak Ariel Henry, 3yèm nan ak KPT a epi kounye a se Alix Didier Fils-Aimé ki pral layite kò li nan tèt peyi a san kontwòl. Dayè se li menm ki vini ak Direktè polis li, pa gen palman, lajistis ajenou, Etazini, Lafrans ak Kanada ap sipòte li, anyen paka frennen li.
Pandantan sa, Konsèy Elektoral la anonse eleksyon pou ane sa, menmsi nou poko wè kote yo pral pase pou yo fè l ak koze bandi sa. Siman yo pral ba nou yon bouyi vide, kote y ap mete sou kote depatman Lwès ak Latibonit kote gang yo ap kòmande yo.
7 fevriye 2026, 40 lane aprè rejim Duvalier a tonbe konsta yo senp : kondisyon lavi nou vin pi mal !
Nou gen yon fòs lame etranje sou teritwa nou k ap kale wès ak 3 bato lagè meriken ki ansèkle nou sou pretèks yo vin tabli sekirite. Tout bwat leta yo ajenou, pa gen palman, pa gen prezidan, epi bandi menm ap kouri dèyè pitit peyi a.
Se gwo anachi !
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2026



