Jodia, yon bèl solèy leve sou Pòtoprens. Ti van ap soufle toupiti pote frechè sou moun kap monte desann.
San bri san kont, tap-tap ap virewon, bwote anplaye leta ak prive. Mesyedam yo fre kou zezwa, ak yon souri san manti.
Nan kèk katye, timoun kòmanse jwi vakans nan fè foutbòl tikan bòkote jenn gason kap bat fè pou prepare yo pou kanaval Gonayiv.
Nan chak kwen lari, malgre kèk pil fatra kap mande nen yo règleman, machann chenjanbe gentan fè premye lavant, pandan yap prepare chodyè pou manje midi.
Vrèman vre, jounen an sanble jounen Bondye fè ak depla menl, tanl anonse lap bèl…
Men, sou figi Roro Nelson, gen yon kè kase ki parèt. Depi l`bò kot Prezidan Matelin nan Palè Nasyonal, sa premye fwa sa rive pou yon depite pase pa li pou jwenn chèf leta. Kidonk, li prese rantre nan biwo Prezidan an sanl pa menm gentan di sekretè a yon ti bonjou, janl abitye fèl.
«Prezidan, depite Mòl Sen Nikola vle pale avèw. Li di li eseye relew nan tout nimewow, li pa ka jwenn ou.
- Kèt! Sa depite Eloune gen pou dim granm maten sa? Ou kwèm gen tan poum nan panse ak nesosyasyon bonè konsa?
- Prezidan, pou janm tande misye nan telefòn nan, sanble gon bagay grav ki pase. M pansew ta dwe tande sal vle diw.
- Ou gen rezon, Roro. Depim maten vrèman, m santi tèt mwen lou epi kèm ap bat fò, tankou lèm pral nan yon move sitiyasyon.»
Prezidan Mateli fon soupi, li pran telefòn pòtab la epi li fèmen pòt biwo a san pèdi tan.
Prezidan Mateli vin wouj kon tomat. Sal sot tande la pa ka vre. Li repete san rete ¨Sa pa posib. Sa pa posib!¨. Lap panse :
«Ou kwè se ta opozisyon an ki ta pote kou sa? Se vre. Sa pa ta twòp pou Ti-Mòy ak Anèl ta fè sa non. Men, m pa kwè yo entèlijan ase pou yo ta panse sa.
Men, ou kwè se ta blan ki ta vle mete pèp la dozado ak mwen jan sa te fèt ak Prezidan Titid? M pa kwè yo ta deside lagem bonè konsa. Sa pap nan enterè yo.
Antouka, nenpòt moun li ye a, m pral pou li. Grenadye, alaso! M nan tchouway yo»
Daniel Alouidor

