Yon sovè ki rele Dyedone
Prezidan pa tann. Apre li fin pale ak Depite Omòl la, menm kote a, li rele sekretèl sou entèfòn :
«Ti cheri m`nan, degajew rapid jwenn Chèf polis la ak Minis Enteryè a. Mete yo an konferans videyo ak mwen. Jwenn tou Premye Minis Lamothe sou telefòn satelit li.
-
Touswit, Prezidan. M te deja gen Minis David Bazil sou liy lan.
-
Se sam renmen lakay ou. Pasem li rapido presto. »
Prezidan poko menm fin pale, chèf polis la, Godson Orelis, te gentan antre nan konferans la. Prezidan pase menl dousman sou tèt kale a, epi l`grate gòj li anvan l`anonse ak yon vwa chaje ak emosyon :
«Ti mesye, m`vann nan zobop!»
——————
Si gen moun ki ka sezi plis pase chèf polis la ak minis enteryè a, enben li poko vin sou tè a. Ni Godson, ni David pat janmen panse se pou sa prezidan Mateli te fè rele yo. Sa li, tout bon vre, gouvènman nan tèt chaje. Paske manifestasyon ka pati an kaskad depi Nòdwès rive Channmas, si pwoblèm sa pa rezoud nan twa jou kap vini la yo.
Apre yon ti moman silans ki parèt tout yon letènite pou 3 gwo chabrak nan leta sa yo, Prezidan Mateli lage tankou souf li prèt pou koupe:
«Sa n`ka fè pou mwen la mesye?»
Devan silans mesye yo, Prezidan kòmanse move. Li frape menml sou tab la epi li pale byen fò:
« Tonnè, si nou pa degaje nou rapid rapid jwenn yon solisyon nan tentennad sa, m ka f… »
Chèf polis santi bagay yo pral gate, li kouri koupe Prezidan lapawòl:
« Prez! Prez! Tande. Koulye a menm, m pral fè boukle zòn Banòdwès la rive jouk Gonayiv. Ti Mari pap ka monte, Ti Mari pap ka desann. Tout polisye pral an kondisyon D. Epi nap pase zòn nan nan tipaswa jouk nou met lapat sou vakabon yo.
-Saw panse de pwopozisyon Kòmandan Godson nan, David?
-M ta ka dakò nan yon lòt ka, men nan sitiyasyon sa nou ye la, nou pa ka fè bri. Se yon operasyon ki dwe mennen san pèsonn moun pa konnen. Pa bliye se yon koze ki sansib anpil anpil.»
Mateli sekwe tèt li nan yon mouvman dezespwa. Se vre, sa David Bazil di a gen tout sans li. Se yon operasyon sekrè pou ki ta fèt. Men, kòman? Se la bagay la antòtiye.
Misye leve sou chèz li, li vire tounen nan sal la, epi li lage yon bò dèyèl sou biwo a.
Lamenm, se tankou yon zeklè ki pase nan tèt Godson.
« Prez! Nou gen solisyon an. Dyedone!
-Dyedone?? Sak rele konsa timesye?»
Prezidan louvri degrennjel byen gran pandan 2 mesye yo tonbe ri byen fò. Sa vin fè prezidan vin move kon kong, preske anraje. Li kanpe sou depyel epi li menase David ak Godson.
«Nou konn sak rive, si nou chachem, nap f… jwenn mwen tande! Gad on k…»
David Bazil kouri pran ton seryel poul kanpe Prezidan pou ti pawòl piman bouk yo pa kontinye.
«Prezidan, Dyedone se pi bon ajan sekrè nou genyen nan peyi a. Jenms Bond pa anyen devan tinonm sa, menm si lèw gadel, li pa baw sa. Se jisteman sa ki bon pou li. Paske li fonn nan foul. Pèsonn moun pap janm panse lap fè gwo travay. Dayè, anpil fwa lè wap pati, se misye nou voye devan al prepare teren an pou ou…
-
Kifè la, gen supèman nan peyi dAyiti, epi prezidan nasyon an pa menm konn sa? Nou vle pran djòb mwen an? Dim non!»
Godson fè yon ti ri jennen jennen, epi li di:
«Prez! Ou konnen, gen de detay, nou pa pral deranjew ak yo. Antouka, anpil gwo mistè, se misye nou rele pou fè nou jwenn bout yo. Anpil gwo ankèt, se misye ki rezoud yo…
-
Poko! Sa nap tann pou nou fèm pale ak misye. Fòm tann ti poul pouse dan?»
On lòt fwa ankò mesye yo tonbe ri. Men touswit, David reponn:
« Depi li fin sot Afrikdisid, misye te mande yon konje pou lal nan jaden li nan zòn Batsentann, tou pre Ansafolè. Se sak fè la menm, mwen gentan fè yon elikoptè sot Pòdpè al chèche misye ansanm ak majistra Ansafolè a. Nan yon ti tan tou kout nap jwenn misye sou telefòn pòtab majistra Loriyis Jozèf. »
Apre kèk minit kote 3 mesye yo pale de lòt dosye epi kote prezidan fè yo ri jouk nan zòrèy, telefòn minis enteryè a sonnen. Se vrèman majistra Ansafolè a ki relel epi pasel Dyedone.
«Dyedone!
-Wi, Prezidan.
-Eskew gen grenn?
-Ekselans, jous kotem ye la, m pap ka reponn ou non. Men, mwen disponib e dispoze pou sèvi peyi a 24 sou 24.
-Dyedone, m`pral met sou do ou yon gwo dosye. Pa gen fè bèkatè. Paske se ou chèf polis la ak minis enteryè a di ki ka sove peyi a la.
-Mwen pare, prezidan pou fè tout sak posib, menm jan m`toujou fèl pou sèvi peyi m.
-Ok. Ou pral mennen yon ankèt pou jwenn ki vakabon ki kidnape yon moun ki trè enpòtan pou nou. Epi pouw libere li. Eske w`konprann?
-Se pa premye fwa m`fè sa prezidan. Eske m`ka konnen ki moun li ye?
-Dyedone, moun sa se Tonton Nwèl
-Kisa??
Ret brache, rès la pou byento…
« Yo kidnape Tonton Nwèl » (premye pati): http://maghaiti.com/yo-kidnape-tonton-nwel-premye-pati/Daniel Alouidor

