Komite Disiplinn Federasyon Asosiyasyon Foutbòl Entènasyonal la (FIFA) anonse jodi vandredi 21 dawout 2026 la plizyè sanksyon kont ekip Ajantinn nan. Sanksyon sa yo tonbe aprè move konpòtman anpil Ajanten ak sipòtè te genyen nan divès match ekip la te jwe nan Koupdimond 2026 la, sitou nan final la kont Espay la. Konsa, Ajantinn gen 321 milyon dola vèt pou l peye kòm amann, epi dwe jwe 2 pwochen match li yo devan yon ti kal moun. Anplis sa, plizyè jwè tankou Leandro Paredes ak Nahuel Molina anba gwo sanksyon tou.
321 000 dola amann Federasyon foutbòl Ajanten an gen pou l peye a gen rapò ak plizyè vyolasyon, tankou move konpotman jwè ak sipòtè yo, chante ak jès diskriminatwa epi pwoblèm sekirite. Mete sou sa, FIFA pase lòd pou Ajantinn jwe 2 pwochen match lakay li yo ak sèlman 50% kapasite estad li a ka kenbe. Nan amann sa a, 100 000 dola dwe sèvi pou finanse yon plan kont diskriminasyon.
Pou sa ki gen rapò ak jwè ki sanksyone yo, sanksyon sa yo menm gen rapò ak batay ki te fèt sou teren an aprè final ant Ajantinn ak Espay la. Nan sans sa, Leandro Paredes resevwa pi gwo sanksyon an kote FIFA sispann li pou 10 match epi l ap peye yon amann 90 000 dola vèt.
Nahuel Molina li menm sanksyone pou 7 match epi ap peye menm kantite kòb la pou amann. Thiago Almada ak Roberto Ayala pran yon match sispansyon epi yo chak la ap peye amann 30 000 dola ameriken. N ap soulinye, Roberto Ayala se youn nan manm estaf Ajantinn nan. Bò kote Lespay, se sèlman Pablo Martin Páez Gavira tout moun konnen sou non Gavi ki pran sanksyon. Li sispann pou yon match epi ap peye 30 000 dola tou kòm amann.
FIFA presize sispansyon yo ap aplike apati pwochen match seleksyon nasyonal ki konsène yo ap jwe yo selon atik 69 alineya 2a ak 3 kòd disiplinè. Enstans foutbòl la fè konprann jwè ak enstitisyon ki pran sanksyon yo gen 10 jou pou mande yon desizyon detaye epi yo gen dwa fè apèl selon règleman FIFA yo.
Dorvens Louis
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



