Sipèsta Pòtigè a, Cristiano Ronaldo pral peye konsekans zak li a lè l te kite rasanbleman Pòtigal la san okenn eksplikasyon an. Konsa, daprè The Mirror, Federasyon Foutbòl Pòtigè a deja sispann jwè a. Men, jounal la fè konnen se yon komite disiplinè ki pral deside kantite tan kapitèn nan pral fè san jwe ak ekip la, yon sanksyon ki ka pran ant youn a 6 mwa.
Daprè enfòmasyon ki sòti nan medya pòtigè yo, règleman federasyon an prevwa yon sispansyon ki ka dire ant youn ak 6 mwa pou jwè ki abandone rasanbleman seleksyon an san yon bon rezon ki jistifye sa. Jwè a kapab resevwa yon amann tou. Sepandan, se komisyon disiplinè federasyon an ki dwe egzamine dosye a epi fikse sanksyon ki ale ak sikonstans lan.
N ap raple, pwoblèm sa te kòmanse 27 septanm 2026, nan moman Pòtigal t ap jwe kont Nòvèj nan Ligdènasyon UEFA a. Ronaldo, te fache dèske antrenè a, Jorge Jesus, te kite l sou ban pandan tout match la. Daprè eksplikasyon jwè a te bay nan yon kominike ki te pibliye 6 oktòb pase a, li te eksplike se pa t konsa bagay yo te dwe pase puiske li te gen yon akò ak antrenè pou l te jwe kanmenm. Sitiyasyon sa a te lakòz yon dezakò ant 2 mesye yo.
Aprè sa, atakan an te vin kite rasanbleman an nan vil Copenhagen, kote Pòtigal t ap prepare l pou rankont fas Dannmak la. Paske, yon lòt fwa ankò antrenè a ta deside pou CR7 pa t jwe match sa tou. Nan kominike l la, Ronaldo te akize Jorge Jesus kòmkwa li pa t respekte angajman li te pran anvè li. Men, antrenè a te fè konprann nan konferans pou laprès se li ki patwon an kidonk, li kapab chanje lide taktik li yo nenpòt lè.
Nan menm kominike a, Ronaldo te deside mande padon pou fason li te kite rasanbleman an ak jan li pa t salye sipòtè yo aprè match Nòvèj la. Li te gentan rekonèt aksyon li a t ap gen konsekans se pou sa l te pran devan pou fè konprann si l toujou anfòm fizikman l ap toujou jwe ak ekip Pòtigal la.
Pou kounye a, dènye desizyon an nan men komisyon disiplinè FPF la. N ap fè konnen, Si sanksyon an dire plis pase yon mwa, Ronaldo kapab rate 2 dènye match faz gwoup Ligdènasyon an kont Dannmark, 14 novanm, ak Peyidègal, 17 novanm.
Louis Dorvens
©️Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2026



