La traducción al español de este artículo aún no está disponible. Esta es la versión original.
Nèg ak zam touye jodi vandredi 12 avril 2024 la, polisye Fritz Pierre Chenet nan zòn bò lopital Bernard Mevs. Selon Sendika Nasyonal lapolis la (SYNAPOHA) ajan 28èm pwomosyon an t ap sòti nan Vilaj Solidarite lè endividi ak zam yo ansasinen l.
Daprè sa a SYNAPOHA a fè konnen sou kont X li (Twitter), ajan an t ap travay nan komisarya Ayewopò a, sepandan aprèmidi a menm li pèdi lavi l anba bal bandi ki te atake l.
Polisye Chenet se 14èm polisye ki tonbe akòz zak banditis nan peyi a. Sa a ki ogmante chif sa a Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) te bay pou 3 premye mwa nan ane a nan rapò yo te sòti mèkredi 10 avril ki sot pase a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024




