Nan yon rapò li pibliye mèkredi 7 oktòb 2026 la, Gwoup ekspè ONU yo revele sòti oktòb 2025 pou rive avril 2026, gen 3 165 moun ki pèdi lavi yo nan vyolans gang yo. Anplis moun sa yo, li soulinye genyen 1 551 lòt ki sòti blese.
Pami moun sa yo, yo revele gen 613 ki ansasinen nan kominn Site Solèy sòti 6 mas pou rive 31 jiyè 2026 la. Pandan gen 375 lòt te blese. Daprè ONU, moun sa yo viktim nan afwontman ki te gen nan mitan gang ki nan Laplèn yo ak sila ki Site Solèy yo.
Daprè rapò sa a, 65% nan moun ki mouri yo viktim pandan operasyon fòs lòd yo, tandiske gen sèlman 30 % ki viktim pandan atak gang yo. Yon lòt kote, ekspè yo soulinye anpil fanm ak tifi kontinye sibi plizyè kadejak an menm tan.
Mete sou kote bilan sa a, ekspè yo pale tou sou kòman trafik zam ak bal pa janm kaba nan peyi a. Konsa, yo fè konprann malgre tout mezi otorite Ayisyèn yo melanje ak otorite Amerikèn epi Dominikèn yo pran trafik la toujou ap fèt sou zile a.
Yon lòt kote, menm si yo revele lapolis reprann plizyè teritwa sa ki fè gang yo kontwole 70 % nan zòn metwopolitèn nan, yo di tou li difisil pou lapolis kenbe zòn sa yo epi kenbe gang yo. Puiske, yo soulinye « gang yo jwenn èd kèk polisye ki ba yo zam epi pèmèt yo chape poul yo lè gen operasyon ». Anplis polisye yo, yo fè konnen gen anpil figi politik ak entreprenè ki ap ede gang yo tou. Nan moun sa yo nou jwenn Palmantè Alfredo Antoine, Nenel Cassy ak Rosemila Petit-Frère.
Se sa k fè pi lwen, yo deklare : « Menm si gang yo sanble otonòm, yo gen lyen ak plizyè aktè nan leta a ak nan sektè prive a, sitou pandan moman eleksyon an ».
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



