La traducción al español de este artículo aún no está disponible. Esta es la versión original.
Depi aprè eskandal ki te enplike pastè legliz Dedye lapòt Etwat (EDIPE) ki se Amel Lafleur, Ministè Kilt te chwazi konvoke li jounen jodi jedi 5 janvye 2023 a, pou l vin reponn avèk kèk kesyon. Akoz pastè a pa vini, Ministè kilt chwazi sanksyone l pou 5 lane.
Selon Direktè Jeneral Ministè Kilt, Evens Souffrant :«Pastè Amel Lafleur nou te konvoke li, men li pa prezante epi li te chwazi voye komite legliz li a, malgre n te konvoke komite legliz la tou. Pandanstan, nou pa te ka di komite a vrèman twòp bagay sou sa.»
Pastè Amel Lafleur ki se vrèman sijè diskisyon sou tout rezo sosyal yo, kote li t ap bo pitit fi li sou bouch, peze dèyè li epi fè pozisyon kwaze. Direktè Jeneral Kilt la, Evens Souffrant te kontinye pou li di «Rapid vit nou pral deside ki konsekans k ap vin sou sa, paske Ministè a paka ap tann endefiniman sitou lè n te fas avèk yon sitiyasyon ki revòlte konsyans tout moun epi melanje fanmi an.»
Pastè Amel Lafleur pral gen pou li reprann fonksyon li 3 janvye 2028, aprè desizyon Ministè Kilt fin sanksyone li pou 5 an. Kote l ap gen pou rete lwen aktivite legliz li yo.
«Se yon move konpreyansyon, trè move pratik, Ministè se pa yon jandam k ap mache fè edikasyon chak pastè, pwoblèm sa se yon pwoblèm edikasyon, moun epi iresponsab.» Deklarasyon Evens Souffrant sou zak pastè Amel Lafleur a.
N ap fè konnen desizyon sa ap aplike apati 9 janvye 2023, kote l ap gen pou sispann egzèse fonksyon li nan lide pou redrese imaj ak moralite legliz anndan sosyete a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023






