Aprè nouvèl liberasyon l ayè mèkredi 21 oktòb 2026 la, atis pent Schneider Tayette, moun konnen sou non Mèg Black, rakonte ekip Mag Haiti a sikonstans ki te mennen arestasyon l lendi 19 oktòb pase a. Nan deklarasyon l yo powèt la rekonèt li te frape polisye ki te vin arete frè li a nan zòn Dipak, Miragwàn.
Men, li fè konnen, dosye sa rezoud puiske li te rekonèt tò l e te prezante polisye a yon lèt eskiz nan moman liberasyon li an.
« Nan istwa a m pa vle moun pale bagay la nenpòt jan, se vre m pase anpil move moman men, m pa t vle nèg yo pran frè m nan paske m pa konnen yo », se ak pawòl sa yo Schneider Tayette kòmanse eksplike Mag Haiti istwa ki kache dèyè arestasyon lan.
Li eksplike pwoblèm nan te kòmanse aprè pitit yon frè l te sove kite lakay li akoz frè a te bat li e menm blese l. Sa ki ta pral lakoz divès jèn gason te akonpanye yon polisye pou te vin arete frè a. Li presize nan moman an, pa t gen okenn pyès ki te jistifye se yon manm fòs lòd ki te vin fè arestasyon an. Pi lwen, li fè konnen se te sèlman yon zam ak yon fè sèso, li te rive idantifye sou polisye sa li vin dekouvri ki fè pati Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) vil la.
Li kontinye pou l di nan moman ajitasyon ki te vin genyen : « nan tire men m polisye a vin pran kou nan figi ». Se la tou li fè konnen, polisye a ta pral metrize l ak yon kout zam bò tèt. Pandan tan sa, li soulinye yon lòt moun li pa t rive idantifye te pwofite « choute figi l » epi kenbe djed li. Men, powèt la pèsiste pou fè konprann li menm ak frè li a te fè rèd se paske, pa t gen anyen ki te pwouve nan jèn gason yo te gen yon polisye puiske yo te abiye « nòmal ».
Pou sa ki gen pou wè ak trètman l jwenn nan prizon an, Mèg Black fè konnen divès polisye te maspinen l lè l te rive nan komisarya Miragwàn nan. Mete sou sa, li revele se la tou yo te koupe djed li yo jete.
Pou fini li deklare li te ekri yon lèt eskiz pou Polisye a paske li rekonèt li te tire kou sou li. Menm si se pa t ak tout volonte l.
N ap raple, aktivis la pase anviwon 36 èdtan fèmen nan prizon e te jwenn liberasyon li mèkredi 21 oktòb la nan 4è nan aprèmidi.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


