La traducción al español de este artículo aún no está disponible. Esta es la versión original.
Ayè lendi 31 oktòb 2022 a, lidè Pati Pitit Desalin lan Moïse Jean Charles te prezante popilasyon nan Nò a Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren (KTPS), ki pral gen pou misyon chita ak divès aktè politik epi elit peyi a.
Yon konsèy sa genyen 9 manm, ki pral chaje misyon pou li wè kòman li ka diskite ansanm ak plizyè lòt moun pou yon pwopozisyon sòti kriz.
Ansyen palmantè a Moïse Jean Charles, te tou pwofite pale sou sak rive jounalis ak Lanmò antreprenè epi politisyen Éric Jean Baptiste : « Se pou sa n te fè manifestasyon nan peyi a, nou te gentan wè sak t ap vini. Si n pa te wè danje poukisa n t ap di pèp la leve kanpe», deklarasyon lidè pati an.
Evenman sa te transfòme an veritab manifestasyon, kote yon dividal moun te pran lari nan dezyèm vil nan peyi a ki se Okap. «Jodia nou pran yon lòt wout, nou mete yon konsèy anplas pou n montre lemonn antye se pa yon bagay pèsonèl, men se bagay pèp Ayisyen an», pawòl Moïse Jean Charles.
Pandan, foul la t ap lanse pawòl piman bouk kont chèf primati an, Ariel Henry, lidè Pati Pitit Desalin lan te tou pwofite ajoute sa: «Aprè nou pral pouse Ariel nan tèt peyi a pou n kapab enpoze konsèy sa epi pou l pale avèk tout moun nan peyi a, pou li bay sekirite epi fè eleksyon pou n fini avèk sitiyasyon jodia.»
Revandikasyon kont pouvwa anplas pou move jesyon li nan tèt peyi p ap kanpe jiskake li ale.”Mobilizasyon sa p ap kanpe jiskake Ariel sòti kite pouvwa epi nou enstale konsèy moun nan Nò patisipe jodia“, selon Moïse Jean-Charles.
Lidè Pati Pitit Desalin lan, rete kwè sèl mwayen pou n sòti nan sa nou ye a se enstale KTPS nan peyi a, lè sa tout bagay ap rantre nan lòd li.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022






