Atakan entènasyonal ayisyen an, Lenny Joseph, reyalize yon pèfòmans istorik jedi 5 novanm 2026 la. Li fè 2 gòl epi bay Ferencváros viktwa a sou teren AC Milan an (2-0). Se te nan kad katriyèm jounen faz UEFA Europa League la.
Devan pwòp piblik li nan estad San Siro a, AC Milan pa t jwenn okenn mwayen pou te frennen atakan ayisyen an, Lenny Joseph. Konsa, Grenadye a te siveye defans ekip italyèn nan epi senyen yo nan dezyèm mitan an. Li fè 2 gòl yo nan 14 minit sèlman.
Nan 52yèm minit yo, Joseph te pwofite yon erè jèn gadyen italyen an, Lorenzo Torriani, te fè pou l te voye balon an nan kan an epi mete Ferencváros devan. Nan 66yèm minit yo ankò, jwè Ayisyen an frape yon dezyèm fwa pou l te pèmèt Ferencváros gen pi bon avantaj la. Aprè 2 reyalizasyon sa yo, antrenè a te retire l nan match la kèk segonn aprè.
Kidonk, Lenny Joseph avan menm li te al sou ban an te gentan asire viktwa ekip li a. An rekonpans, entènasyonal ayisyen an te resevwa twofe pi bon jwè match la (MVP).
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026





