Nan yon atik ki pibliye jodi jedi 25 jen 2026 la, jounal ameriken CNN fè konnen Lakou Siprèm Etazini bay prezidan Trump otorizasyon pou retire TPS pou tout Ayisyen ak Siryen ki sou teritwa yo a. Yon desizyon ki vle di, si sitwayen sa yo pa jwenn lòt rekou, otorite migrasyon ameriken yo ap gen dwa pou depòte nan jou k ap vini yo la, anviwon 350 000 Ayisyen epi 6 000 Siryen ki se benefisyè TPS.
« Lakou a konsidere lalwa pa pèmèt lajistis kontwole desizyon pouvwa egzekitif la konsènan Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) », se sa nou li nan atik RFI pibliye sou dosye sa a. Li soulinye, se 6 jij konsèvatè ki pran dezisyon sa kont divès lòt ki pwogresis.
Miami Herald bò kote pa l, rapòte menm bagay la pandan li ajoute pou fè konnen, Lakou Siprèm endike, jij yo pa ka aji sou yon dosye ki pa lye ak revandikasyon konstitisyonèl. Anplis sa, yo defann agiman ki fè konnen se akoz rasis Trump ap mete bout ak TPS la « ka pa kenbe ».
Desizyon sa a mete gwo kè kase nan mitan dyaspora Ayisyen an ki konte anpil sou TPS la pou kontinye viv nan peyi Etazini. N ap raple, se premye viktwa prezidan Donald Trump gen nan dosye sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



