Nan kad jijman ki ap fèt Etazini nan kad lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la, 12 manm jiri yo bay denyè mo yo. Se konsa, yo kondane jodi vandredi 8 me 2026 la Antonio Intriago, Arcángel Pretel Ortiz, James Solages ak Walter Veintemilla pou konplo teworis, èd materyèl ak vyolasyon Neutrality Act ameriken an. Lwa sa entedi tout sitwayen ameriken pou fè lagè ak lòt peyi ki anpè ak Etazini.
« Dezisyon jiri a deklare 4 akize yo koupab e yo gen 5 gwo akizasyon sou do yo », daprè Miami Herald. Li revele mesye sa yo ka kondane pou pase lavi yo nan prizon tou. Pi lwen, jounal la prezise tou lè kat mesye akize sa yo te konplote nan Sid Florid epi te anplwaye yon pakèt ansyen sòlda Kolonbyen pou te bay Prezidan an koudeta. Yon sitiyasyon ki ta pral bay lanmò chèf leta a 7 jiyè 2021 an.
Pou te demanti pawòl sa a, avoka defans lan te eseye mansyone se ta lapolis Ayiti ak sekirite prezansyèl yo ki te touye prezidan an, puiske yo defann « ekip kolonbyèn nan te rive jis aprè nan mitan lannuit lan ». Nan deklarasyon pwokirè yo, yo menm yo fè konnen se gwoup Sid Florid la ak kèk aktè Ayisyen ki te vle bay yon lòt moun plas prezidan an depi nan mwa avril 2021 an ki ta fè zak la. Se moun sa ki te pare pou te bay akize sa yo gwo kontra sitou nan zafè sekirite ak enfraestrikti an Ayiti.
Anplis akizasyon avan yo, Intriago li menm gen 4 lòt akizasyon sou do l. Pami yo, jounal la pale sou rapò li ta genyen ak jilè pa bal ki te voye an Ayiti pou anviwon 20 ansyen sòlda Kolonbyen, epi yo jwenn Counter Terrorist Unit Federal Academy (CTU) te chache epi voye Kolonbyen nan peyi a yon mwa avan zak la.
Pou sa ki konsène Christian Emmanuel Sanon, yon pastè ki te vle ranplase Moïse la, yo fè konnen lajistis amerikèn ap gen pou tande l tou. Puiske li ta gen pwoblèm sante pou kounye a.
Fòk nou di, nan pwosè sa gen anviwon 8 akize ki plede koupab deja. Ladan yo nou jwenn Roodolph Jaar, German Rivera ak John Joel Joseph. Nan bò kondane yo nou jwenn plizyè aktè tou.
Paralèlman, premye pitit ansyen prezidan an, Joverlein Moïse pa t pran tan pou te reyaji. Li te eksprime l konsa : « Pèp Ayisyen, yon lòt fwa ankò enmi nou yo demaske ». Yon deklarasyon ki kole ak divès rapèl li fè nan yon kominike li pibliye sou rezo sosyo li yo jodi vandredi 8 me 2026 la. Nan eleman sa yo li site kondanasyon 4 mesye yo, nivo enplikasyon divès aktè ki t ap planifye zak la sou teritwa ameriken an, operasyon «bolivi» a, ki se daprè li yon konplo byen monte pou te monte pèp la kont Jovenel Moïse, gras ak èd atis yo, medya yo, opozisyon an ak manm Sosyete sivil la. Konsa, li tou kritike lajistis Ayisyen ki jiskaprezan ap mòde lage.
N ap raple, nan kad pwosè ameriken sa se premye desizyon ki tonbe aprè 5 lane lanmò Prezidan Jovenel Moïse la. Desizyon yo tonbe sou 9 semèn ki te gen 39 jou temwanyaj.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



