The English translation of this article is not available yet. Here is the original version.
Nan yon korespondans konsèy prezidansyèl Tranzisyon an adrese ak premye minis enterimè Michel Patrick Boisvert, yè lendi 13 avril 2024 la, li mande pou l fè retrè sou 50 moun li sot nonmen nan dat 25 avril ki sot pase a.
Konsèy la mande pou l kanpe sou nominasyon li sot fè nan diplomasi Ayisyèn nan, yo konsidere se yon gwo dezòd gouvènman demisyonè a ap fè anndan administrasyon piblik la.
Pandan gouvènman demisyonè a ap prepare ale li, li tou pwofite fè divès nominasyon nan sektè diplomasi a ant 10 mas pou rive 30 avril 2024 la. Sa a ki ka lakoz gwo pwoblèm avèk nouvo gouvènman an fonksyon an.
N ap raple gouvènman defakto a sot pase anviwon 3 an sou pouvwa a. Li pa t janm deside nonmen moun sa yo nan diplomasi a, se nan moman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an monte a epi yo ap kite a yo deside nonmen moun sa yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024




