Moise Lena JEAN LOUIS te ranpòte tit Miss Haiti International an 2021. Konkou a te gen de pati: apre li te genyen premye a, li te chwazi pa patisipe nan dezyèm nan, paske li te satisfè ak sa li te deja akonpli. Patisipasyon li nan konkou a te ede l devlope yon platfòm sou “Physiological Well-being of School Children in Haiti.”
Travay sa a te jwenn rekonesans Anbasad Ayiti a nan Manhattan, New York. Sou plan akademik, Moise Lena gen yon diplòm bakaloreya li te jwenn ak mansyon Cum Laude nan Wagner College, nan New York. Li te etidye tou pandan dezan nan Kingsborough Community College, sou Oriental Boulevard.
Li eksplike kounye a li konsantre sou devlopman entelektyèl li, pou l ka prepare tèt li pou kontribye nan sektè ki gen rapò ak enfrastrikti tankou lopital, tribinal, atizay ak kilti, lekòl ak bank. Objektif li se patisipe nan yon chanjman dirab ann Ayiti ki baze sou pwoteksyon lavi moun nan tout espas peyi a.
Li fè konnen fanmi li kontan wè moun li vin ye a, anvan ak apre li te ranpòte tit la. Li ajoute ke, anplis fanmi li, anpil moun nan Petit-Trou-de-Nippes te eksprime lanmou ak lajwa yo devan sa li te akonpli kòm Miss Haiti International 2021. Li te fèt yon 10 me nan lakou granpapa bò manman li, Pradel Leriche, nan zòn Carrefour Cadet, nan Petit-Trou-de-Nippes. Manman li se Elza Leriche Jean Louis. Li te grandi nan de komin ann Ayiti: li te fè twa premye ane li nan vil natal li, epi li te al viv nan komin Kafou, nan depatman Lwès, jouk li te vwayaje pou vin rete nan peyi United Sates an oktòb 2009.
Yon Refleksyon Sou Lòt Konkou Bote
An 2023, Moise Lena te konsidere patisipe ankò nan konkou bote pou l te ka kontinye dezyèm etap li te chwazi pa pousuiv an 2021 an. Finalman, li te twouve sa pa t nesesè ankò. An 2024, li te deside aplike pou Miss New York USA, yon konkou Miss USA Organization òganize chak ane. Sepandan, li te voyé aplikasyon an alé twò ta. Dapre sa li rakonte, Theresa Campbell, kowòdonatris konkou a nan eta a, te fè l konnen enskripsyon pou ane sa a te deja fèmen e yo t ap enfòme l dirèkteman pou ane annapre a.
Moise Lena ap konsideré patisipe nan yon lòt konkou bote sèlman si òganizatè yo ta kontakte l dirèkteman epi envite l, olye se li menm ki voye yon aplikasyon.

Angajman Sou Wòl Sèks Yo Ak Mouvman Feminis La
Moise Lena di angajman li pran fòm atravè konvèsasyon li genyen ak moun ki nan anviwònman li, pou ankouraje yo epi pataje kèk baz sou ankadreman yon fanmi ka ofri. Li kwè fanm ka kontinye kontribye nan satisfè bezwen emosyonèl fanmi an. An referans ak teyori fonksyonalis la, li mete presizyon sou enpòtans fanmi nan sosyete a ak sou wòl li ka jwe nan estabilite sosyal.
Li rekonèt tou wòl sèks yo ap chanje: jodi a, plis gason patisipe nan pran swen timoun nan ane resan yo. Li ta renmen wè plis travay fèt pou ankouraje refleksyon sou wòl diferan sèks yo nan sosyete a. Li swete sektè edikasyon an devlope metòd ki ankouraje devlopman entelektyèl ak filozofik sou sijè sa a, pou ede moun reflechi sou zafè sosyal, politik ak ekonomik yo. Li konprann yon travay konsa merité gen konsantrasyon ladan.
Konsènan mouvman feminis la, li gen yon pozisyon ki nuanse. Li di li sipòte egalite ak pwoteksyon pou tout moun, kèlkeswa sèks yo, ansanm ak libète seksyèl ak dwa pou moun fè chwa endividyèl. Li sipòte tout efò pou byen evalyé stratifikasyon ki baze sou sèks.
An menm tan, li eksprime plis resèch sou sa ki palé sou kèk aspè nan mouvman an, sitou akoz sa li konsidere kòm orijin oksidantal mouvman an ak fason valè li yo te devlope.
Li gen kesyon ki gen enpòtans pou fason li wè relasyon mouvman an ak reyalite Ayiti. Li katorizé tou enpòtans pou gen dyalòg plis sou eksperyans fanm nwa yo nan mouvman feminis ane 1970 yo. Li refere ak kritik Audre Lorde te fè sou fason kèk fanm blan nan mouvman an te ambaké sou diskisyon diferans rasyal yo, epi li kwè sijè sa a gen dwa pou plis atansyon.
Enfliyans Moise Lena Sou Jèn Yo
Li panse anpil nan moun li enfliyanse yo soti nan komin Petit-Trou-de-Nippes. Li te swete pale sou sijè sa a ak direktè Lycée National komin nan, yon lekòl li di li te frekante pandan kèk ane. Li vle ankouraje yo tou pou yo rete byen enfòme, paske enfòmasyon ka louvri pòt nan lekòl sa a. Anplis, pakou ak vizyon Moise Lena raple enpòtans pou moun kwè nan rèv yo, kontinye pousuiv objektif yo epi chèche pwòp fason yo pou kontribye fè pataj pou sa yo bay ki nan avni Ayiti.



