Pandan 3 jou atak Etazini ak Izrayèl sou Iran, lakwa wouj fè konnen gen anviwon 555 moun ki pèdi lavi yo. Pami moun sa yo nou jwenn gid siprèm nan, Ali Khamenei ak plizyè manm nan fanmi l, divès manm gadyen revolisyon an ak lame a, minis Adjwen ransèyman an, Sayed Yahya Hamidi, chèf divizyon espyonaj la, Jalal Pour Hossein.
Pou jodi lendi 2 mas la, ki fè twazyèm jou lagè ant 3 peyi yo, atak yo toujou kontinye. Izrayèl bò kote pa li, atake pati Ezbola a an Liban kote gen pou pi piti 31 moun ki mouri epi 149 lòt ki blese. Selon BFM, bilan yo kontinye ap ogmante kote kounye a gen 4 militè ameriken ki mouri. Yon sitiyasyon prezidan ameriken an, Donald Trump denonse puiske li anonse li pap gade sa konsa.
Si Izrayèl ak Etazini menase pou yo kontinye atake Iran, ebyen peyi sa tou pa deside kanpe nan divès frap li yo nan Mwayen Oryan an. Se sa ki fè chèf Konsèy siprèm sekirite nasyonal yo a, Ali Larijani deklare : « Kontrèman ak Etazini, Iran pare pou yon gè manch long ».
Pou sa ki konsène Iran, pou jodi lendi 2 mas 2026 la li gentan atake plizyè peyi tankou : Emirat arabzini (Doubay ak Aboudabi), Kata (Dowa), Koweyit, Irak, Baren (Manama) ak Izrayèl (Tel-Aviv, Ayifa ak Jerizalèm). Nan atak sa yo tou gen divès moun ki pèdi lavi yo. N ap raple avan sa yo te anrejistre yon dizèn moun ki mouri ak divès blese.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



